☕🔥 KAFE CHO NEWS — Nouvèl ki cho, analiz ki fon, enfòmasyon ki klè!
Nou pote dènye nouvèl yo, analiz pwofon, opinyon ak sijè ki enterese kominote a. 📰🎙️
🎯
Lapolis Nasyonal ansanm ak FRG a ap ogmante presyon sou gang yo nan Latibonit. Selon dènye enfòmasyon yo, fòs sekirite yo kòmanse mete pye yo atè nan Savyen, apre yo ta fin kraze yon baz gang Kokorat San Ras la.
Bò kote pa l, Gresye anba gwo operasyon, kote PNH la ap kontinye frape gwoup ame yo.
Èske operasyon sa yo pral make yon pwen enpòtan nan batay kont ensekirite a? Dekouvri tout detay ak analiz sou KAFE CHO NEWS, pandan n ap tann bilan ofisyèl otorite yo.
Abòne, pataje videyo a epi aktive klòch notifikasyon an pou w pa rate okenn nouvèl.
#KafeChoNews #Haiti #PNH #FRG #Savyen #Gresye #Latibonit #KokoratSanRas #Aktyalite
https://t.co/JKgKA2JSf3
Mezanmi, bagay yo rèd anpil nan peyi a! Selon enfòmasyon k ap sikile yo, gang Kokorat San Ras la ta touye Mèt Caleb apre plizyè mwa kidnapin. Nouvèl sa a poko konfime e li soulve anpil enkyetid.
Pandanstan, vyolans gang yo kontinye ap fè viktim. Nan Bonga, plizyè moun ta pran bal e gen moun ki ta pèdi lavi yo.
Nan edisyon sa a, KAFE CHO NEWS ap fè pwen sou de dosye sa yo ak sitiyasyon sekirite peyi a.
Abòne, pataje videyo a epi aktive ti klòch notifikasyon an pou w pa rate okenn nouvèl.
#KafeChoNews #MetCaleb #KokoratSanRas #Bonga #Ayiti #Aktyalite #PNH
https://t.co/PFuTCPgQte