Wi , se vre chak pen 🥖gen fwomaj yo🧀.
Men pafwa lè fwomaj ou a konn pase deja , ou sèlman rete pouw al kolabore ak 2, 3 kiyè manba sinon wap mouri chèch💔😂!
#f��kouadmèt😊
Gen moun sou tè sa, meteyo pa yo a prevwa anpil move lapli sou laviw⛆💔!
Men raplew ke kapasite w genyen an ka kreye yon gwo solèy 🌞 anndanw kap gen poul klere nan boul figi yo🔥.
#kwènanou♥
Menm dyaman ki se yonn nan metal ki pi di nan mond lan, gen nan kondisyon yo metel , li arive fonn..💨
Alò, konn kijan pouw jere relasyon w ak yon moun ki vle viv pou ou. Paske moun sa ka ale, li pa janm tounen 📌
#jereantourajou😊
Ou pa vle fèl depanse anpil, poutan gen yon lòt limenna ki toujou ap kraze bous li a chak fwa 💨!
Ou pè eseye lòt pòz ki pi move avèk limenna a , pandan gen yon blòdè ki toujou ap fèl vole anlè...☄☺.
Raplew ke tout saw pa vle fè yap fèl pou ou. 😊
#tantrèkout....
Pafwa sila kap mokew paske wap fè anpil efò pou moun ki nan viw la ❤, se menm li menm ki te ka bay plis ke tèt pa li sil te nan sitiyasyonw lan....🖤.
Bon mennaj pa janm fasil pou ranplase...
#metefòsnanrelasyonw🔥❤
Nèg la te ka fè yon jès avèw , san anyen an retou wi, men w pral mache dil se yon mawozo😑🚶...
Fanm lan te ka baw yon vye kraze san w pa mande l wi, menw pral fè piblisite pouw dil se yon b******😂.
#kilitivediskresyon🎲🥂
Travay 3 fwa pi di ke jou pase yo, sonje mande God la plis fòs , detèminasyon ak disiplin💫❤.
Epi raplew ke batay la se ou menm kont pwòp tèt paw🔥.
#practicemakeperfect💥✔
Gen de santiman ou gen pou yon moun se tankou yon tranbleman de tè.
Ou ka eseye limite dega ke li ka koze sou ou, menw pap ka ni evitel, ni siprimel , nèvè .....🚶❤💔
#sekonsa🖤