Relasyon kounya yo se tankou yon jwèt echèk: si w pa fè efò pou sa mache, yo bliye w; si w fè twòp efò, yo p ap ba w valè. An reyalite se pa lanmou ki difisil, se nou menm ki pa fin konn sa nou vle…
Tankou lè yo finn brize kè w ou rale 2 ans ou pa janm renmen an sa vle di lew retounen renmen yap tou pa brize kèw anko?
Eben yo rete avè w bò isi an vre…
Gen èks ou genyen, premye devwa w se pran distans avè l. Ba li chans pou li kontinye di ke w se move moun, ba li chans pou li kontinye konpare w ak sa ki nan men l lan, ba li chans pou li di ke li jwenn mye ke ou...
Ba li chans pou li sou 5èm relasyon pi byen ke ou an tou wi