M konnen Sak pran pòz close avè'm
Men se pou yo devye'm
M jwenn gen devan'm byen yo pale
Nan do'm kal denigre'm
M jwenn them Fake Friends
Men kè yo Pa pwòp vre
Huh bon'm di'w Kè yo pa Pwòp vre...
-."Kantite bagay Sal mwen fè ret chita anndan Kè'm
Kantite Bal mwen tire ret ant mwem ak revolvè'm
Se pa tout bagay m di, mounn pa konn tout afè'm
Se pa tout bagay m di Mounn pa konn tout sekrè'm
M pa fè lèzòm konfyans
M pa bay pèsòn chans konte rad sal mwen yo"-.
Nan ekri'm ou pap jwenn krim mwen
Pense sa yo pa pou plim mwen
Ou ka konn sa pou'w konnen
Men pa pense'w konnen vi mwen
Livre'w bay mounn isi se pi gwo erè'w te ka fè
Nenpòt lè sa tounen mal, nan lari yo met tout afèw
-M pa nan rakonte sak rivem ni vi prive'm
Apre sa pou sa'k tap tande'm pral vinn jije'm. 🤔
Pase'm pap nouri wont mwen
Sa'm di pap tounen kont mwn
Sèl konsyans mwen'k sou kont mwn...
.-"4 minn nan fronm vle di'w pa gen aksè nan sèk mwen 🫸🏽
Se pa sèlman lè etranje yo la Poum jere bèk mwn 🤐
Trahison soti kay pi pre pou l'al kay pi lwen 💯
Se sa experience aprann mwn
Menm cauchemar m pa rakonte lacune mwn".-