Lakay nou gen yon pratik ki mande pou n toujou jwenn yon anfas pou mete devan chak grenn nan nou kap briye. Aktivite Ariana te patisie a gen mwens ekzijans entèlektyèl pase konkou Abigaïl la men yo tou 2 rete 2 jèn fanm peyi a ki ap fòme têt yo e ki jiskaprezan montre peyi a dwe konte sou yo. Nou pa gen pou n chwazi ant yo 2 a paske chwazi se jete sa w pa chwazi yo.
An 2026, Pou anpil moun ki soti nan Premye repiblik nwa twouve se lè yon Ayisyen al an Frans al pale Fransè li al lekòl. Yon lòt ki ale sou tè Zansèt NOU, mete limyè sou Ayiti pa al lekòl ase pandan li ap etidye diplomasi. Fòk nou Divize Pou tout bagay.
Nou rele b∂g∂ƴ lan jwèt Tiktok 😂
Jis pou n montre l pa anyen serye
Ou kwè n konnen kantite moun tiktok chanje lavi yo ?
Epi m ap raple n jwèt Tiktok lan te gen plis ke 1M moun ki te konekte ap gade l live 🫢
E moun yo te envesti anpil kòb yo nan vote, nan voye kado
Nou pa bezwen sezi pou sa k ap fèt lan la a
Pi gwo mesaj Ariana voye bay jenès la Se Ou pa bezwen degrade tèt ou pou w vin vizib.
Ou pa bezwen vann kò w.
Ou pa bezwen sal imaj ou sou rezo sosyal pou moun remake w.
Valè ou pa soti nan kantite moun ki ap gade ou, li soti nan fason ou respekte tèt ou.
Ou ka briye san ou pa pèdi diyite ou.
Ou ka gen limyè san ou pa pèdi prensip ou.
Vrè siksè pa mande pou w pèdi tèt ou…
li mande pou w kanpe fèm sou kiyès ou ye.