Chak ti batman kè tibebe w 🎶 se yon mizik. Men alkòl 🍷 ka kase melodi sa. Lè w ansent 🤰, yon sèl ti gout ka boulvèse sèvo l 🧠, kè l ❤️, ak lavni l.
Chwazi pwoteksyon, chwazi lanmou san mezi: pa bwè alkòl lèw ansent ❌.
#LaviKiNanVantOu#PranSwenLi”
Lè yon moun ap fòme nan vant manman li, premye twou ki parèt se twou dèyèl san nou rele "anus ", epi bouch la vini apre 😅
Sa vle di, nou tout (moun, pwason, zwazo ) se deutérostomyèn 😎
Wi wi, depi nan vant manman nou, nou te kòmanse alanvè ! 😂
Lè w bwè anpil alkòl, li fè òmòn ki rele ADH la (Antidiuretic Hormone) dòmi tankou se lè vant chat plen 😂 se òmòn sa ki pèmèt renw yo kenbe dlo. San li, pòt dlo a rete louvri, ren yo lage dlo a tankou lè tiyo pa gen robinèt . Donk pa etonew lèw sou bwesonw wap plede pise .
Manje gate pa toujou gen move gou.
Ou ka chofe l, li cho, li bon , men li ka toujou fè w malad! 😵💫
Gen mikwòb ki lage toksin chalè pa ka detwi.
Pa kite manje deyò twòp tan epi mete l rapid nan frijidè!
Nou tande fanatik yesterday yo 😂😂😂
Anpil moun panse se sèl lè w fè sèks ou ka trape HPV. Men non! Li ka pase nan bo, touche po sou po, menm lè pa gen sentòm! Maladi a pa toujou bay siy. Sonje, kapòt ede w diminye risk, men li pa elimine l nèt. Mèt kò ki veye kò .
Zwen zwen zwen !
#hpv#infection#disease
Gen moun ki gen maladi sik nan fanmi w? Pa pran chans! Si w toujou swaf, ap pipi anpil, grangou san rete, pèdi pwa san rezon, je w flou, blese pa geri vit ...
Sa ka siy kew gen maladi sik sa yo rele dyabèt la . Pa tann, al fè tès! #Sante#Dyabèt#Prevansyon#diabetes
Ou te konn sa ? Ou gen plis pase 5 sans ! Anplis wè, tande, manyen, santi, ak gou, ou gen tou:
6️⃣ Ekilib (balans kò)
7️⃣ Pwopriyosepsyon (pozisyon kò)
8️⃣ Tèmosepsyon (tanperati)
9️⃣ Nosisepsyon (doulè)
Kò a se yon mèvèy ! #Syans#Konesans
Tande mizik ak gwo volim nan kas 🎧 ka chaje vayb , men se konsa tou li ka tou domaje fakilte pouw ka tande . Pwoteje zòrèy ou, redwi volim la! #HearingHealth#SoundPrevention 🎶👂
"👃💔 Pèdi kapasite pou pran sant ka gen yon enpak siyifikatif sou apetiw ak pleziw pou manje. Vrèmanvre, odè jwe yon wòl enpòtan nan pèsepsyon nou genyen sou manje. Siw wè ou pèdi kapasite pou pran sant, konsilte yon pwofesyonèl sante pou swivi ki apwopriye yo. #PètOdè#Sante"
Siw pran bal sonje:
1) Chèche yon abri san danje imedyatman.
2) Fè presyon dirèk sou blesi a pou sispann senyen swa ak yon twal pwòp, oswa menm pla men an si pa gen materyèl ki disponib.
3) Rele èd pi vit posib
#Secourisme#PremiersSecours#BlessureParBalle#Sécurité#Urgence
Eske yo te gentan diw ke koloran aninin nan fè pati de faktè de risk pou kansè vesi? Ah eben m fenk diw sa la .Daprè anpil etid yo wè apre fimen sigarèt koloran aninin nan pami faktè risk ki bay kansè vesi melanje ak kèk lòt tankou naftalèn , espozisyon a kèk tektil epi kaoutchou
Konnen ke gen moun ki pap tretew byen , ki pap respektew,kap baw kotri, ki pap baw valèw nan relasyon an men ki pap janm dakò kitew , ni kitew ale non plis . Moun sa yo jis toksik pou pwòp tèt yo, ni pou ou ni pou antouraj ou. Sèl solisyon se rete lwen yo anvan pita pi tris.