Sa k pi fristran an malgre Didier ap fè tout tenten sa yo nan tèt peyi an, nan ane k ap vini yo gen yon gwoup enbesil ki pral fè m kwè m koupab paske m te konn denonse movèz gouvènans li.
Genlè se matyè fek. ki nan tèt yon seri moun nan plas sèvèl
Yon JÈN DEMWAZÈL ki gen yon ti bébé, li fenk fin fon operasyon. Malgre bandi yo wè DEMWAZÈL la fin opere. Nèg yo touye l ak tout ti bébé a 😭🕊️
Map mande èske se tròp FLORIDA Nèg yo bwè, ki fè yo san cœur konsa 💔🤦🏽♂️
M pa renmen lè moun ap di lòt moun sòt, mwen menm tou m evite di moun yo sòt.
Men depi se moun ki vle fè kwè ke se moun ki te konn pran lari pou mande bon kondisyon vi ak mande rapò sou LAJAN PETWOKARIBE a ki mete peyi a kote l ye la ou sòt, ou ka gen bon konprann nan lòt domèn wi, men sou pwen sa m konsidere w sòt anpil.
@iamguivanel Se pa paske sa ki la yo pa bon ji fè otomatikman Jovenel t ap fè yon bon travay non. Ki sa l te akonpli nan 4 ane l te fè sou pouvwa a menm? Okontrè mwen wè moun ki la yo enkonpetan menmjan ak misye
L’agrandissement de l’aéroport international Antoine-Simon des Cayes (Okay) connaît des retards, car certains résidents refusent de céder leurs propriétés nécessaires à la réalisation du projet.
@THEWORLDMUSIC_ G9 ki vin bay Viv ansanm jodi an te kreye nan objektif pou anpeche opozan fè manifestasyon, moun sòti manifeste. Se nòmal pou mezitan bandi yo ap pran teren mouvman politik nan lari yo tou kaba. Ou bliye Babecu te di se sou fyèl li pou manifesyasyon an ta pase nan epòk Jovenel.
Dumarsais Estimé se dènye dirijan konpetan ki pase nan tèt peyi an. Tout sa ki vin aprè misye yo se enkonpetans ki karakterize yo. Pou yo ka kache echèk yo yo souvan kreye yon bouk emisè (Kamoken, Boujwa, Blan, oligak Kowonpi, sistèm nan). Nou an dekrechenndo depi plis ke 60 ane
Mwen pa konprann kijan Leta ayisyen ap kontinye mande popilasyon an rezoud pwoblèm gang yo pandan PNH la menm montre limit li fas ak nivo ensekirite peyi a.
Nan listwa, lè yon kò polis vin twò febli, pèdi kapasite li oswa pa kapab ranpli misyon fondamantal li, kèk peyi pa t kontinye fè kòmsi tout bagay nòmal. El Salvador te ranplase ansyen Polis Nasyonal li a pa PNC; Gwatemala te demantle ansyen sistèm polis li a pou kreye yon nouvo fòs; Liberya te oblije rebati fòs polis li apre sistèm nan te kraze.
Sa pa vle di PNH la dwe senpleman disparèt. Men kestyon an dwe poze: èske nou ka kontinye ak menm modèl la, menm estrikti a ak menm fason fonksyònman an pandan gang yo ap pran plis tèritwa?
Yon peyi pa dwe abandone popilasyon li nan men kriminèl epi apre sa mande sitwayen yo fè travay fòs sekirite yo. Lè yon enstitisyon pa rive bay rannman, Leta gen obligasyon pou refòme l, restriktire l, rebati l epi ba li mwayen pou l reponn ak menas la.
Ayiti bezwen yon fòs sekirite ki adapte ak reyalite lagè kont gang yo, pa yon sistèm k ap kontinye fonksyone sou yon modèl ki montre limit li chak jou.
@hollytech97 Tekwè se fè lajan ki nan tèt yo tout. Aprè 5 ane ou pral tande Fizeme ak patizan l k ap mache radote nan radyo pou di se Oligak ak moun ki te anfas li ki fè l pa t bay sekirite. Dirijan ayisyen yo sanwont twòp, san esepsyon ni ansyen ni nouvo
Atansyon ak vye naratif ki gentan ap di paka gen eleksyon pandan pil masak sa yo ap fèt la. Kèlkeswa fason an nou dwe soti nan maskarad kote 2, 3 nèg Pòtoprens reyini nan yon Otèl epi chwazi kèk nan yo pou al dirije peyi an san manda klè
@meotech1 Misye sòt anpil wi, se chak mwa dwazimen fè rapò pou denonse sa bandi yo ap fè. Si w pa li yo se pwoblèm pa w. Majorite chif ki egziste sou malvèsasyon bandi yo se nan rapò òganizasyon dwazimen yo medya yo pran yo wi. Epitou sa bandi bay denonsyasyon dwazimen regle pou yo?
Jiskaprezan mwen rete kwè nèg ki nan leta yo se pa pwoblèm volonte ak mwayen ki anpeche yo rezoud pwoblèm nan. Yo just pa gen konpetans pou sa, sa ki gen atè an la pa piti ditou, fòk ou gen anpil strateji pou w rezoud li. Andresol, Rameau ak Paraison pa gen nivo
@PetersonBNoel Depi lè w te di desizyon Jovenel sou kesyon dola a te bon an mwen te gentan wè se pwopagandis ou ye. Tout ankèt te montre se kolaboratè Jovemel yo ki te fè masak la pou rezon politik, konnya w ap vin endwi moun nan erè la