Global Digital Media | Covering News, Politics, Sports & Culture. Reliable reporting, real-time updates. Stay informed. Trust the source. đđâ˝ď¸
đ¨ DĂNYE NOUVĂL
âArsenal ap swiv sitiyasyon Vinicius Junior ,paske yo vrèman enterese ak jwè brezilyen an.
âMalgre okenn diskisyon ofisyèl poko kòmanse, "Vini Jr" rete yon gwo opsyon sou tab la pou klèb londonyen an.
âđ Dapre David Ornstein
#footballtiktok
Enfo: Daprè sa medya Passion Info Plus rapòte ayè mèkredi 09 septanm 2026 la 2 Elèv ak yon chofè moto Kidnape nan nan katye Siloe byen bonè nan maten pandan Elèv yo t ap pran direksyon lekòl yo. Pandan ouvèti lekòl la zak kidnaping yo kontinye ap ogmante nan kapital la Pòtoprens.
NB: Foto ki sou afich la se yon ilistrasyon se pa foto viktim yo.
Enfo: Aprè DCPJ te fin lage avi de rechèch dèyè Esther Thomas alyas NICE-B pou vin reponn kesyon lajistis ayisyen aprè yon videyo ki te montre l te patisipe nan asasinèn Baby Love la, chèf gang 400 Marozo a, Lamò Sanjou, ofisyèlman nan yon live sou TikTok konfime NICE-B deja retounen nan baz e menm fè l parèt nan live la pou konfime prezans jèn fi a nan baz 400 Marozo.
âPou kounye a, lapolis ak lajistis ayisyen konnen egzakteman kote kriminèl yo ye ki te patisipe nan asasinèn Baby Love la. Rete konekte ak Lekout Enfo pou swiv de prè ki reyaksyon lapolis fas a sitiyasyon sa a.
Enfo: Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) mete yon avi de rechèch dèyè Duclona Darlens, alyas Enspektè Tèt Kale, paske nan yon videyo ki viral sou rezo sosyal yo montre klè manm baz 400 marozo a t ap rache yon jèn fi tou vivan.
Mercato: Gabriel Jesus kite Arsenal pou l siyen nan FC Barcelona
âFC Barcelona met men sou atakan brezilyen an, Gabriel Jesus, ki kite Arsenal pou anviwon 10 milyon ewo nan kad yon kontra 3 zan.
Yon jèn gason Ayisyen 20 lane mete fen nan lavi l
âNan dat lendi 31 out 2026 la, nan vil Springfield (Ohio), Pierre Damas Bel ki te gen 20 lane touye tèt li lè l jete kò l anba yon machin. Daprè enfòmasyon jounalis Luckson Saint-Vil pibliye, jèn nan pa t ka sipòte presyon ak mokri li t ap jwenn nan lekòl li akòz braslè elektwonik ICE te mete nan pye l poutèt li t ap viv sou tèritwa ameriken an ilegal.
La Gonav: Ofisyèl nouvo komite enterimè a enstale nan Meri komin Ansagalè a jodia vandredi 28 out 2026 la, Katèl sa gen nan tèt li Gesper Isaac ansanm ak Jean-Pierre Ornis ak Judith Merisier. Yo ranplase ekip Majistra Ernso Louissaint an ki te fè 10 lane ap dirije komin nan.
đ¨ La Gonav Sekirite: Komisarya Ansagalè gen yon nouvo chèf. Se Enspektè Divizyonè Delice Anson ki pral ranplase enspektè Gilles Motlaire, ki t ap dirije komisarya komin Ansagalè pandan plizyè lane.
â˝ Foutbòl: Jèn mitan teren ayisyen an, Woodensky (ansyen jwè Violette AC), ofisyalize siyati l ak klèb Kanadyen Forge FC ki ap evolye nan Canadian Premier League la. Yon nouvo etap pwofesyonèl pou pitit Site Solèy la ki kontinye ap fè wout li.đđš
#capcut#CapCut
Aprè dènye masak nèg ak zam fin fè nan zòn Kenscoff kontinye mete gwo emosyon ak gwo reyaksyon nan mitan pèp la ak pèsonalite enpòtan yo.
âNan yon sòti piblik, animatè Rigolo pote vwa pa l sou sitiyasyon dramatik sa a, kote li kritike zak malonèt sa yo k ap kontinye simen desepsyon ak lapèn nan mitan popilasyon an.
âSitiyasyon an nan Kenscoff rete yon gwo kòz enkyetid, pandan sitwayen yo ap mande otorite yo pou yo pran responsablite yo pou mete lòd ak sekirite nan zòn nan.
Ministè Edikasyon Nasyonal kòmanse bay premye rezilta egzamen ofisyèl yo
âMen dènye nouvèl sou dosye edikasyon an Ministè de lâĂducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) fè konnen rezilta ofisyèl pou ane akademik 2025-2026 la deja kòmanse tonbe.
Minis Vijonèt DÊmÊro deja bat bravo pou travay tout ekip ki te mete men nan pat la pou rive kenbe tèt ak defi egzamen yo nan sikonstans peyi a.
âMen sa chif yo di jiskaprezan sou premye rezilta yo ki soti:
âEksplozyon nan 9yèm ane: Pou nivo Fondamantal la, rezilta yo chokan nan bon sans lan ak yon seri to siksè ki wo anpil nan depatman ki deja pibliye yo. Nò pran premye plas la ak yon nòt enpresyonan ki monte jiska 93,45 %, epi Lwès la swiv kole ak 91,90 %. Lòt zòn tankou Nò-Est (91,73 %) ak Sid (91,45 %) pa rete dèyè ditou.
âBakaloreya a pi difisil: Sitiyasyon an parèt yon ti jan pi rèd bò kote nivo segondè a. Pa egzanp, nan depatman Lwès la, se sèlman 45,73 % nan kandida yo ki te rive decroche siksè yo sou tout pakèt ki te sou teren an.
âENIJE: Filyè pou fòmasyon pwofesyonèl pwofesè yo nan nivo preskolè ak fondamantal anrejistre yon mwayèn global de 70,08 % konsènan moun ki gen siksè yo.
âKijan pou jwenn papye w yo? Si ou te pase nan egzamen sa yo, MENFP anonse ke sètifika w ak relevĂŠ de notes ou ap disponib nan Direksyon Depatman Edikasyon (DDE) yo pou fin mwa out la.
W ap annik bezwen montre resi DGI w la pou w ka retire l, pandan dirèksyon lekòl yo kapab al ranmase palmarès yo tou dirèkteman nan DDE ki konsène a.
âAtansyon: Tout rezilta yo poko fin soti! Ministè a ap tann pou l pibliye rès depatman ki rete yo pou 9yèm ane a (tankou Latibonit ak Nò-Odwès) ansanm ak rès rezilta Bakaloreya yo pou lòt rejyon nan peyi a.
âRete konekte sou Lekout Enfo pou nou pa rate okenn lòt mizajou sou dosye sila a.
â˝ Foutbòl: Jèn seleksyon nasyonal U-14 la met drapo Ayiti byen wo sou sèn entènasyonal la aprè yo fin kouwone Chanpyon nan CFU U-14 Challenge Series a. Yon nouvo siksè briyan ki konfime tout talan ak detèminasyon ti Grenadye yo. Bravo ak tout ekip la pou gwo reyalizasyon sa a. đđšđĽ
Sous: FHF
#CapCut
Enfo: Pastè Osmy se non lidè relijye sa ki ap viv nan Florid peyi Etazini, nan vil Fort Pièce ki tonbe nan yon gwo eskandal seksyèl ak pwòp sè madanm marye li, nan yon videyo madanm li filme ki viral sou rezo sosyal yo natif natal La Gonav la te toutouni sou kabann ti sè madanm li pou yo te al fè aktivite seksyèl, daprè sa madanm li rapòte nan videyo sa li fè konnen pastè a deja kouche yon ti nyès li epi ofri ti sè li 100$ us pou kouche ak li tou, "se poutèt sa mwen mete ak sè mwen pou m te ka kenbe vagabon an ki ap sal non mwen nan Fort Pièce kòmkwa mwen ta ba li yon kout pitit" deklare madan Pastè Osmy. N ap fè nou konnen Pastè Osmy ak madanm li gen 29 lane maryaj.
La Gonav: Gesper Isaac pran kontwòl Mèri Ansagalè a La Gonav, pou ranplase ekip majistra Ernso Louissaint t ap dirije kòm premye manm la, Gesper nan tèt yon nouvo komite enterimè ki pral dirije komin nan ansanm ak Jean-Pierre Ornis ak Judith Merisier daprè yon arete nan Le Monitè ki soti 20 out 2026 la.
FNE: Jefnie Toussaint enstale kòm nouvo direktè
âMinis Edikasyon Nasyonal la, Vijonet DĂŠmĂŠro, enstale Jefnie Toussaint nan tèt Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE) ayè lendi 17 out 2026 la. Seremoni an te fèt an prezans plizyè minis ak manm gouvènman an. Jefnie Toussaint ranplase ĂlysĂŠe Colagène nan tèt FNE a.
Sitwayen Ayisyen sa anpil moun konnen sou DJOLO BĂL GASON deside kite peyi Etazini pou retounen al viv an Ayitiđđš aprè li te fin pase anviwon 2 lane nan peyi Etaziniđşđ¸. Daprè sa li fè konnen nan interview sa, sitwayen an deklare "si yo koupe (TPS) pou ki rezon pou mwen rete ap viv Etazini? Paske se Status tanporè sa mwen te genyen" e li fè konnen ou bezwen status nan peyi moun, men nan peyi pa ou, ou pa bezwen sa.
đĽ: Midi Post
#CapCut
Sitiyasyon Ayisyen sa anpil moun konnen sou DJOLO BĂL GASON deside kite peyi Etazini pou retounen al viv an Ayitiđđš aprè li te fin pase anviwon 2 lane nan peyi Etaziniđşđ¸. Daprè sa li fè konnen nan interview sa, sitwayen an deklare "si yo koupe (TPS) pou ki rezon pou mwen rete ap viv Etazini? Paske se Status tanporè sa mwen te genyen" e li fè konnen ou bezwen status nan peyi moun, men nan peyi pa ou, ou pa bezwen sa.
đĽ: Midi Post
#CapCut
ELEKSYON AN AYITI : CEP A PIBLIYE LIS DEFINITIF GWROUPMAN POLITIK KI APROUVE YO
âKonsèy Electoral Pwovizwa (CEP) pibliye ofisyèlman, nan dat jedi 13 out 2026 sa a, lis definitif gwoupman politik ki jwenn akreditasyon pou patisipe nan pwochen konpetisyon elektoral yo.
âDaprè enstitisyon elektoral la, se an total 17 regroupman â ki reprezante 228 pati politik â ki jwenn yon avi favorab nan kad aplikasyon atik 129 dèkrè elektoral 2 jen 2026 la.
Daprè enfòmasyon medya espanyòl MARCA revele, an ka ta gen yon separasyon ofisyèl ant Cristiano Ronaldo ak madanm li Georgina RodrĂguez, li dwe lèse anpil avantaj dèyè pou madanm li. Georgina RodrĂguez ta ka resevwa yon pansyon mansyèl pou lavi ki estime a anviwon 100 000 ��.
âAnplis gwo sòm lajan sa a, li ap tou jwenn pwopriyetè bèl kay ki gen anpil liks la ki sitiye nan katye eksklizif La Finca, nan vil Madrid.
Jean- Louis se nan sitwayen sa ki jwenn arestasyon li nan Florid peyi Etazini akoz li t ap viv sou tèritwa ameriken an ilegal.
#CapCut#footballtiktok#AyitiPapPeri