Koman w ta vle yon jèn fi 18 an ap okipe pwòp fanmil
Tandiske lentelijant li te ka prepare avni l
Patwon depanse pou manmzèl
Fanmi gentan bay bèl akèy
San yo pat panse deyèl (Elas)
Te gen yon gwo sèkèy
Nou di non 2007 - Barikad Crew (Izolan)
🚨 BREAKING ! Un nuage de poussière de plusieurs dizaines de mètres traverse actuellement le Maroc 🇲🇦 après qu'un employé ait accidentellement ouvert l'armoire à trophée de l'équipe nationale ESPÉRANT Y TROUVER LE TROPHÉE DE LA CAN QUE LE MAROC ATTENDAIT A LA TAS !
Le peuple haïtien a pleinement droit à la sécurité, à la liberté et au respect de ses droits fondamentaux. Cela fait des années que des groupes armés ont pris une grande partie du pays en otage, imposant à des millions d’Haïtiens une terreur quotidienne : massacres, enlèvements, viols, assassinats, déplacements forcés, incendies et attaques contre les institutions publiques.
Début 2024, la capitale était pratiquement paralysée. L’accord entre Haïti et le Salvador doit être considéré dans le contexte de l’urgence sécuritaire nationale. Le respect des droits humains et la transparence doivent accompagner toute opération, mais ils ne doivent pas devenir un prétexte pour ignorer le droit des Haïtiens à être protégés et à retrouver leur liberté. La population haïtienne a aussi droit à une vie sans peur, sans terreur et sans domination des gangs.
#Haiti: Eseye pran yon ti tan pou mete ou nan plas Simson ki pèdi madanm li ak 2 pitit li nan yon bat je. Nan dat 20 Dawou 2022, defansè dwa moun Jean Simson Desanclos te viv lanfè anba men 400 Mawozo, nan zòn Kwadèboukè, nan Site Doudoune.
Nan jou sa a, madanm li, Josette, 56 lane, te sòti ansanm ak 2 pitit fi l yo: Sarhadjie, 24 lane, ki tap prale nan inivèsite, ak Sherwood Sondje, ki tap prepare pou fete 29yèm anivèsè li.
Teworis 400 Mawozo yo te asasinen 3 manm fanmi li dapre rapò dwa moun yo, epi yo te boule kadav yo nan machin fanmi an. Pandan w ap sipòte teyoris 400 Mawozo yo nan diskou ou, imajine doulè yon papa ki pèdi madanm li ak 2 sèl pitit fi li nan menm jou a!
Jouk jounen jodi a, fanmi sa a pa janm jwenn jistis, bawon plenn lan pa sispann bat lestomak li, sèl ti kras jistis ki kòmanse parèt, se aksyon yo pou demantle gang teyoris yo pou lavi kapab reprann ankò.
Nou salye memwa viktim yo epi voye lanmou pou Simson ki poko ka geri!💔
AI-SR | @2026
Nou pa dwe bliye yo. Nou pa dwe banalize krim sa yo. Jistis dwe fèt!
Sous: BBC News / RNDDH, 2022.
#Haiti: “Mansion” sa a nap gade la a, se pa yon videyo AI, se yon videyo reyèl. Se palè yon chèf teworis ki, daprè tout enfòmasyon disponib poko janm fè yon jounen travay onèt pou l viv.
Vwa nan videyo a ap vante pouvwa chèf gang lan pandan lap rabese polisye kap dòmi nan nich poul, lè l konpare kondisyon lavi yo ak kondisyon lavi pa li. Li menm antre nan 5 mèt kare yo.
Anfèt, nou pa gen anyen kont kay la. Se blòk, siman, fè ak kout kreyon achitèk ki fè l kanpe. Men pwoblèm nan se pa kay la, se sa li “reprezante” an.
Pandan prizon yo kraze, inivèsite ak gwo enstitisyon Leta yo depafini, palè yon chèf teworis kanpe byen djanm kòm senbòl pouvwa gang yo, se pa ti gwo mesaj sa voye bay.
Pi grav toujou, kay sa a voye yon mesaj danjere bay jèn yo: daprè senbòl sa, yo pa bezwen travay di pou yo reyisi; yo ka swiv tras chèf gang lan pou yo jwenn lajan ak pouvwa san yo pa swe. Se yon atak sou valè travay, diyite ak prensip biblik la tou: « Tu gagneras ton pain à la sueur de ton front. » (Jenèz 3:19)
Si senbòl sa a pa deranje konsyans ou, kite l kanpe. Men si ou konprann sa li reprezante pou yon pèp kap soufri, ou ap wè se yon kalòt marasa sou diyite yon nasyon ak sou konsyans limanite.
@GSForceHaiti@pnh_officiel , @nayibbukele ,@dw_espanol
#Haiti: An Ayiti, gang yo fòse lekòl fèmen. Lè kèk lekòl eseye reziste, yo egzije lajan pou yo kontinye fonksyone. Yo anpeche timoun ale lekòl, kidnape elèv, touye pwofesè… teyoris yo ap imite metòd kriminèl Boko Haram, ki te atake lekòl, asasinen elèv ak pwofesè, epi kidnape plizyè santèn tifi nan Chibok an 2014. Atak sa yo sèvi pou simen laterè epi febli prezans Leta.
Se egzakteman sa Viv Ansanm ak alye li yo ap fè. Yo fèmen lekòl pou montre Leta pa gen otorite, menm lè nou konnen Leta deja fèb. Men se yon estrateji tou: lè gang yo paralize lekòl ak lòt sèvis piblik, yo rann kominote yo plis depann de yo. Anplis, lekòl fè pati aktivite ki fè moun sikile chak jou. Lè gang yo entèdi aktivite sa yo, yo limite mouvman popilasyon an epi ranfòse kontwòl sou teritwa yo okipe yo.
Gen yon lòt aspè anpil moun pa wè: Lanmò San Jou konn bay timoun kòb epi fè yo pran liy pou resevwa li. Sa kapab sèvi kòm yon teknik manipilasyon. Lè timoun yo pa ale lekòl, yo vin pi vilnerab; lè yon chèf gang abitye ba yo kòb ak kado, li kapab genyen senpati yo epi fasilite rekritman yo. Se konsa, nan yon peyi kote Leta fèb tankou Ayiti, gwoup ame yo rive kontwole kominote yo, enpoze desizyon yo sou popilasyon an, epi menm chèche enfliyanse jenerasyon kap vini an.
Adelante! ¡Adelante, soldados!
@GSForceHaiti , @pnh_officiel ,@realErikDPrince@nayibbukele@citoyendidier
👇
Gen moun ki nan fon kè yo swete Bukele echwe an Ayiti, jis pou yo ka di yo te gen rezon. Paske yo menm, yo pi entèlijan pase tout moun, yo pa fè pati « ti pèp sòt » la!
Yo tèlman envesti nan pozisyon yo pran, yo ta pito wè sitiyasyon an pa chanje olye yo oblije rekonèt yon moun yo pa renmen te kapab kontribye nan yon rezilta pozitif.
E se youn nan pi gwo maladi politik nou an Ayiti: Politisyen konn plis anvi advèsè yo echwe pase yo anvi peyi a reyisi.
Se menm mantalite sa a ki fè nou konn rejte yon bon inisyativ, pa paske li pa bon, men paske se yon moun nou pa renmen ki dèyè l.
Nan sitiyasyon nou ye la a, yon Ayisyen ki mete enterè peyi a an premye ta dwe swete nenpòt aksyon ki kapab soulaje popilasyon an bay bon rezilta, san sa pa anpeche l kritike metòd yo oswa denonse abi.
Lè w rive nan pwen kote w prefere wè yon inisyativ echwe olye w wè pèp ou jwenn soulajman, se pa peyi a ki priyorite w ankò. Se ego w.
~Carel