#PwogramBiden: Sou plis pase 36,500 moun ki jwenn otorizasyon vwayaj, 11,300 ladan yo se Ayisyen. Selon IFSI-USA, ki site chif @DHSgov, nan 11,300 sa, se sèlman 5,500 ki vin USA. Direktris egzekitif òganizasyon an, Dr Géralde Gabeau, mande moun ki gen otorizasyon yo pou fè rapid.