@Vladwolf_ht@LynnGedeon@cep_haiti Ebyen son jwèt😂 yon app konsa paka devlope pa yon sèl moun, menm lè ou tande IA yo trè pèfòman. Li mande ekspètiz nn yon pakèt domèn tankou cryptographie, cyber sécurité, devops, elatriye
Ayisyen toujou chita ap plenyen se pèp ki mete atis tèl kote, alò pouki yo pa fè tèl bagay pou pèp la.
Kòmsi mta di kote atis la ye a se favè yo fèl.
Wi yon atis dwe trete fan li yo byen men li pa dwe pyès moun anyen. C travay li travay poul rive kote ye a epa favè
Youn nan bagay pou nou konnen pwogram pilòt 5G Natcom nan pap konsène tout moun. Menm si ou ta twouvew nan zòn Natcom ap kòmanse yo, pavle di wp benefisyel.
Youn nn kondisyon primòdyal yo, fòk tlf ou an konpayib 5G.
E ou ki mak tlf ou an???
@LouisEsnel1 Filozòf St Thomas d’Aquin te di « il faut un minimum de bien-être pour exercer la vertu »
Wi, moun ki pa ensten pa konn kesyon relasyon 4 ane wp pale a. E sa pa nan relasyon sèlman
@iam_tektek Se youn nan pwob nou genyen anpil Ayiti, yon pakèt bagay ki ta dwe aksesib pou tout moun alòske Ayiti menm li son luxe.
Sak pi a, fenomèn sa rive nan « manje, edikasyon, sante » elt. Pwob nou anpil
@SteevyDope Ann serye, an Ayiti pouw ap depanse 2330$ pou yon timoun ki nn Kindergarten c yon foli li ye. C pa kòb la ki pwob nn men pito kisa mp jwenn pou kòb sa
Sou IG tout moun ap mennen bèl vi
Sou Facebook siw pa repataje yon pos male ap rivew
TikTok modènize kenbe kui nn menw
Sou X (Twitter) tout moun gen lalwa bouch yo
Sou LinkedIn tout moun se expert😂
Mank enfòmasyon se yon gwo fleuo pou yon peyi. Si n wè kantite moun ki panse se vle yo pa vle jèn avanse ki fè @BRHHaiti_ soti nòt pou di DessalineBank pa gen anyen ki legal ladanl
Mpanse pi bon apwòch la se kòmanse demokratize tranzaksyon anliy. Menm si sa li menm tou li gen pwob pa l (entènèt ak yon bèl pati nn popilasyon an ki manke manke fòme sou sa e ki pa fèl twòp konfyans) men sa ap rezoud plis pwob ke bank mobil la
Anpil peyi an Afrik tankou Kenya, Ghana Gen bank Mobil. India genyen to tou. Èske Ayiti pa ta ka adapte menm modèl la Pou redwi valè moun k ap kanpe nan solèy Pou tranzaksyon? Men yon egzanp
Fènomèn fè 2 mwa ap aprann yon bgy aprè peye plizyè mil dola pou gradyasyon sa a kotel soti?
Sak pi di a, se aprè jèn nan pa gen kòb poul achte materyèl poul kòmanse egzèse l sou li aprann nan non.
Natcom di li gen pi bon rezo, Digicel di menm bagay la.
Genlè rezo kap baw fè plan epi anyen pa mache a se pou mwen l ye😂, rezo kap fè semèn ou paka fè anyen avèl la se pou mwen li ye😩
Kisa nou panse si Ayiti ta genyen yon sistèm vòt elektwonik pou moun kap viv nan djaspora a?
Jodi a plis ke jamè lavi djaspora a enpakte pa sa kap pase nan peyi a.
Li tap bon si yo te kapab enplike yo tou nan desizyon politik kap pran yo.