Bandi ak zam anvayi mache Akayè a, nan lwès peyi d Ayiti, maten mèkredi 24 avril 2024 la. Se gwo panik nan vil Akayè nan moman an. Pèp la mande Lapolis pou vin twoke kòn ak gang yo pou chase yo. Nan okenn Leta nòmal, gang pa ka abite yon espas, Leta a konnen, epi l kite yo la ak zam yo ap nui moun ti krik ti krak. Li 10 zè 30 minit. @AmeriqueInfo7