Pa sèlman chèche gen yon pozisyon, devlope kapasite pou w soutni li. Pa sèlman chèche pran mikwo, devlope entèlijans pou w gen yon mesaj ki gen valè. Pa sèlman chèche dirije lòt moun, aprann dirije tèt ou an premye.
Ou pa oblije rete menm moun ou te ye a pou w ka pwouve ou fidèl ak istwa w. Ou gen dwa evolye, ou gen dwa elaji, ou gen dwa vin pi plis. Paske lavi a pa sèlman mande w egziste; li mande w dekouvri tout sa ou kapab vin ye!