tradiksyon konesans lòt peyi nan lang manman nou ka gen yon enpak nou pa t ap janm imajine. M te sezi wè plizyè Mezon edisyon mwen kontakte sou lib "Père riche, père pauvre" la di yo poko janm pibliye yon Otè lang etranje.
Yon ti kòmantè m ta renmen fè Sonnekselans @nesmymanigat sèke san tradiksyon zèv literè Grèk yo, Anpi women an gendwa pa t janm egziste. E san tradiksyon zèv literè Anglo-ameriken yo, Japon pa t ap ka ratrape reta yo te genyen. Se vre nou pale Fransè men
Sa se jis opinyon pa m. Li ka parèt inosan, sepandan tout gwo pwojè tradiksyon kounya se LSP (Language Service Provider) yo bay responsab yo. Menmsi w ta finanse yon gwoup Etidyan Lengwis pou fè travay sa, yo jis pa gen eksperyans sa ni yon ide sou lojistik yon travay konsa.
Si vrèmanvre @MENFP_Education , AKA, @FNEHaiti ak Minis @nesmymanigat vle ankouraje pwodiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen. Mwen ta renmen raple nou FLA se pa meyè kote pou n ale. Dat FLA la ki volim pwodiksyon literè yo pwodui nan Lang Kreyòl la? Repons lan senp:
@CreoleSolutions oswa @IncreoleT . Annou bay moun ki konnen fè sa yo konnen. Tradiksyon pa yon kesyon de Doktora nan Lengwistik. Men se kiyès ki metrize redaksyon lang nan. Byenke nap prefere tradiktè ki gen baz nan domèn nou vle a, tankou legal, edikasyon, sa pa obligatwa.
📣@USCIS pibliye nan jounal ofisyèl🇺🇸#FederalRegister, jodi mèkredi 31 janvye 2024 la, desizyon final pou chanje pri divès aplikasyon. Pa egzanp, frè pou kat travay (I-765), ki te $410, pase a $470 (online), epi $520 (sou papye). Dokiman vwayaj (I-131): ansyen pri $575, nouvo pri $630. Ajisteman stati (I-485) pou rezidans (ak anprent): ansyen pri $1,225, nouvo pri $1,440. Ajisteman stati (I-485) pou rezidans (san anprent): ansyen pri $1,140, nouvo pri $1,440. Petisyon pou rezidans (I-130): ansyen pri $535, nouvo pri $625 (online), $675 (sou papye). Nouvèl desizyon sa ap kòmanse aplike, apati 1e Avril kap vini la. ✍🏾@EddyLaguerre@morenojnb @xplwaservices
Malè a moun ki mete yon obstak devan yon moun ki avèg pou fè l bite.
Malè a moun kap di mal la se byen e kap di byen an se mal.
Malè a moun ki pito bay manti olye yo soufri.
✍🏾@USCIS anonse jodi Madi a, ke yo pral fè yon ti pase men nan sistèm yo a, apati demen Mèkredi 31 Me, soti 11:50 nan aswè, pou rive jedi 1e Jen, vè 2zè nan maten. Pandan moman sa, ekip @USCIS la di, moun kap itilize sit la ka gen ti difikilte teknik. Pou sa, yo eskize tout moun.