Bonjou @MairieduCap
N ap lanse yon SOS pou rue 12 rive lè A ke yo mal fè ki lakoz dlo a chita ak tout fatra nan rue 12.
Chak lapli tonbe se yon dezas li ye pou biznis ak moun k ap viv nan zòn nan.
Men koman sa ye maten an. Souple fè sèvis vwari pase la pou n jwenn yon souf
@DelegasyonN@MairieduCap Jodi 30 mas la nou resevwa menas de yon sèten enspektè Carlos ki vle nou peye pou yo ba nou sekirite sinon y ap boule boutik ak tout moun ki ladann
Sa se kèk skrinshòt nou fè ak nimewo e foto ki monte sou nimewo yo rele nou yo
N ap di Mèsi ak tout kolaboratè n yo ki toujou la pou ba nou bon konsèy. Kliyan n yo ki san yo menm nou pa t ap egziste!
Swete nou tout yon bon lane 2024!
@MairieduCap fè m konnen twou ki nan kwen rue 12/D se pwoblem Travo Piblik, men si m vle yo ka rekomande m on moun pou netwaye l pou dlo a pa chita la!
Eske se Mwen ki mal konprann jan leta mache oubyen mesye pa kyè kondisyon lari a?
@MairieduCap@patrickalmonor1@Lepluspetit@NorophieGP
Se pa premye e sanble se p ap denye fwa men m ap poste malè pandye si Ki chita nan kwen rue 12 D
Pa gen dlo Ki kouvri l jodi a kidonk Ou ka wè twou a byen
Bjr
On lòt fwa ankò n relance apèl ba @MairieduCap@DelegasyonN@patrickalmonor1 pou yo ta voye staff pou debouche twou egou sa ki tounen yon danje na kwen rue 12 D
Dlo a kouvri tou an, e vire tounen machin ap tonbe ladann
Dlo ki chita ap kale marengwen e pa bon pou sante nou