Pa kite okenn moun modi ou
lè je ou kale pandan y ap veye
lè 2 popyè w fèmen pou yo vin pote flè nan yon seremoni omaj
ou pa p menm ka wè.
Tout moun ki vle selebre lavi ou
di yo pito yo fè sa pandan w vivan.
@SherlyTanis
Depi jou m fin pran
nan pongongon renmen w
m fin tounen ponya nan men sólda
M tèlman kase fèy
pou sezisman pa fini avè m
ata tèt zòtèy mwen pa vle kite tè
pou al bout jouk nan douvan je w
Se la menm destinasyon m ye.
@SherlyTanis
Repiblik Dominikèn kolekte 10 fwa plis taks pase Ayiti pou finanse sekirite, sante, edikasyon…(21 milya dola kont 2 milya dola). Ayiti enskri 10 fwa plis pati politik nan Konsèy Elektoral li (320 kont 34 an Repiblik Dominikèn). Mwen envite nou li atik mwen pibliye nan Nouvelis sou dosye sa a. https://t.co/8hR0YQBQyt
Mwen toujou gen konviksyon chanjman yon otorite pwomèt kòmanse nan lang li chwazi pou pale ak tout popilasyon li. Mwen pa t koute tout diskou nouvo minis gouvènman an, men nan sa m rive tande yo, prèske tout mesaj yo an fransè pou eksplike popilasyon an chanjman yo vle pote. Mwen te minis 2 fwa, 100% diskou enstalasyon m yo te an kreyòl menm lè etranje te prezan e malgre responsabilite m nan enstitisyon entènasyonal an menm tan. Antouka, mwen swete yo anpil siksè nan sèvis Ayiti. #LivInik
Chak mak lavi mete sou po w
se pa pou li tanpe w...
Se pito yon lòt etap...
Mak konba yo ekri yon istwa
anplis nan liv lavi w.
Si blesi te tatou, anpil nan nou t ap plen sikatris jouk nan zo. Men nanm nou soufri plis
Li pote doulè yo pou nou san plenyen.
#SherlyTanisCATOR✍🏽
Nou lèd
Nou lach
Men nou la toujou
N ap gounen
Nou konnen pouki kòz
Men n ap batay ap pwòp tèt nou
Konpatriyòt
Si java sa na p gade la a poko geri
se pa fòt ni chasè ni jibye.
#Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽