⚽️ 3 ekip sa yo, #congo 🇨🇩 #caboverde ak #curacao rache 1 pwen devan 3 gwo pwason nan Koupdimond lan,
#portugal , #spain ak #ecuador .
Nou vle kounya pou moun jis chita bat bravo SÈLMAN , paske nou fè listwa e rive nan Koupdimond aprè 52 lane (menmjan ak Congo). Mwen sensèman kwè nou dwe depase koze monte ekip sou baz "rekonesans", e pran wout "meritokrasi" pito, pou n konpetitif, menm ak tout limit nou genyen yo.
Mwen pa kwè Antrenè Migné pwouve ase li gen yon vizyon klè ak lide pou fè ekip li fè kalifye a franchi yon lòt palye. Lòt aspè ankò, mwen panse nan entèvyou li yo, li gade nou ak anpil kondesandans e diminye anbisyon nou pou revandike nou vle yon ekip konpetitif k ap genyen tou . Se tankou li anvi di nou, nou rive la a , e dakò se limit nou sa, pa menm imajine nou ka fè plis pase sa, dink kontante nan listw ak senbòl.
Pou rezon sa yo, #MignéOut
#haiti
Men mpa kwè li amfòm vre men li ta renmwn jwe kont Maroc la paske li di li espesyal pou li deja. Donk la aranjel ak coach li mpanse sil pran laprès pou li Roi Migné pap bal chans.
@poupinart Anh fizikman. Si li pa antrene ansanm ak gwoup la vre pou match pase yo se ke li pat anfom. Men la li di se rumeur donk pou mwen li pa en forme vre e malgre li pat au top kont Ecosse la mte espere coach la bal jwe kek minit men enbesil sa te prefere kite 2 chanjman san fèt
Sébastien Migné se yon antrenè foutbòl pwofesyonèl franse li se antrenè an chèf ekip foutbòl Ayiti a (Grenadye yo).
Misye fèt 30 novanm 1972 nan La Roche-sur-Yon, an Frans. Migné make listwa paske li rive kalifye Ayiti pou Premye fwa depi 1974 nan yon Koup Dimond, sa ki fèl dezyèm antrenè ki reyalize eksplwa sa apre Antoine Tassy.
Sa ki enteresan, a koz ensekirite a nan peyi a, li pa janm met pyel Ayiti menm on fwa. Tout chwal yo fèt gras ak entènèt ak teknoloji!
Menm lè misye fè erè ki koute nou konpetisyon an, li gen merit li!
Mesye Migné te deja ap chèche kote poul ale bien avan mondial la paske pou li menm yon fwa anko li pat kww nan ekip la e se lanati ki ba nou kalifikasyon an jan mtoujou dil.
Rezime pafè a san manke yon ti detay nan jan sa te dewoule match kalifikasyon yo se te eskandal nèt men lanati te pou nou, a yon pwen gad chema ki kalifye nou pandan mou te fin pèdi espwa. Se match nil nicaragua va Costa rica ki kalifye nou.
Migné te gen tan menl maltrete nou.
Pa konnen anyen nan foutbòl la sanble yon ti “disclaimer” pou adousi dezakò moun ka genyen avèk ou sou twit sa a. Men mwen pito pran sa nan sans ke ou pa viv jwèt la chak jou tankou anpil moun k ap suiv seleksyon an. Si ou pèmèt mwen, m ap pote kèk pwen kontradiktwa sou poukisa mwen menm ak anpil lòt moun gen yon pozisyon fèm sou #MignéOut la.
Sébastien Migné pran tèt seleksyon an an 2024 apre eskandal Pierre Jean-Jacques la, apre pasaj Gabriel Calderón Pellegrino ki te dire anviwon yon ane.
Se vre Migné mennen Ayiti nan Mondyal la apre 52 lane. Sa se yon reyalizasyon istorik e okenn moun pa ka retire merit sa nan men li. Men li pran seleksyon an nan yon kontèks ki pi favorab pase nenpòt lòt antrenè avan li. Nou nan premye Mondyal ki ap fèt ak 48 ekip, CONCACAF gen plis plas pase tout tan, epi youn nan gwo advèsè rejyon an te deja kalifye otomatikman kòm peyi òganizatè.
Men anvan kalifikasyon sa a, ki sa nou te montre sou teren an?
Nan Gold Cup 2025 la, nou elimine depi premye tou. Nou pèdi devan Arabi Saoudit ak Etazini, epi nou fè match nul ak Trinidad & Tobago. Mwen pa t renmen jesyon li nan konpetisyon sa a, men mwen te panse li te merite tan pou korije bagay yo.
Sepandan, limit li yo te kòmanse parèt pi klè pandan eliminatwa yo. Kont Honduras, li prezante yon plan jwèt ki pa mache ditou epi nou pran 3-0 depi premye mitan. Wi, nou kalifye nan yon gwoup ki te gen Costa Rica, Honduras ak Nikaragwa, men gen plizyè match kote ekip la te sanble pèdi direksyon taktikman.
Depi lè sa a, nou menm nan Bosal Sport te kòmanse poze kestyon: èske nou pa ta dwe gen yon pi bon antrenè oswa yon pi bon estaf teknik pou akonpaye jenerasyon sa a? Se pa jodi a nou ap pale de limit Migné.
Polemik sou chwa taktik li yo vin pi fò lè li kontinye ak 4-4-2 li a pandan anpil moun te wè yon 4-2-3-1 kòm yon sistèm ki pi adapte ak pwofil jwè nou yo. Olye li reponn kestyon sa yo sou teren an, li te konn minimize kritik yo epi rele yo “discours de bas étage”.
Kont Brezil, li pase nan yon liy 5 li pa t prèske janm itilize depi li rive sou ban Ayiti a. Rezilta a pa t konvenkan, ekip la te souvan ekspoze dèyè, e sa te ranfòse kestyon sou kapasite li pou adapte l nan pi gwo nivo a.
Migné se yon anplwaye. Nan okenn travay, paske ou te fè yon bon travay yon moman pa vle di ou gen garanti pou rete nan pòs la si pèfòmans yo pa satisfè ankò. Nou remèsye li pou sa li fè, men sa pa dwe anpeche nou evalye sitiyasyon aktyèl la.
Ou pale de kijan gwo seleksyon yo jere kestyon sa yo. Men egzanp yo anpil. Espay revoke Julen Lopetegui jis de jou avan Mondyal 2018 la. Almay revoke Hansi Flick apre move rezilta yo. Itali separe ak Luciano Spalletti apre yon peryòd ki pa t satisfè yo. Nan gwo foutbòl la, desizyon yo pran dapre objektif ak nivo pèfòmans, pa dapre santiman.
Pou mwen, pwoblèm nan senp: nivo jwè Ayiti genyen jodi a pa koresponn ak nivo antrenè a. Anplis de sa, tèt di li ak mank adaptasyon li fè ekip la plafonnen.
Se poutèt sa nou mande depa li. Pa paske nou pa rekonesan, men paske nou kwè seleksyon an rive nan yon etap kote li bezwen yon antrenè ki pi anliy ak kalite ak anbisyon gwoup sa a.
Nou remèsye Sébastien Migné pou sa li pote. Men ekip nasyonal la toujou pi gwo pase nenpòt antrenè, e pou anpil nan nou, li pa reponn ankò ak egzijans pwochen etap la.
#MignéOut
#MignéOut