Anviwon 12 moun pèdi lavi yo nan Senlwidinò
Plizyè dizèn kay inonde nan pòdepè
Wout pou soti Ba Nòdwès pou ale Pòdepè se yon masife .
Popilasyon Nòdwezyèn lan bezwen prezans leta pou ede l monte moman difisil sa yo. Abitan yo bezwen asistan ak sipò otorite yo. Nou mande sekou .
55 Milyon goud depoze sou kont direksyon MTPTC Nòdwès la pou ka fè travay sou wout soti Pòdepè ak Janrabèl.Ansyen delege Rock te konfime enfòmasyon an ak Madam Juliette Jn -Philippe . Travay yo te dwe kòmanse depi Fevriye .men jiska prezan anyen pa fèt.kòb sa a p ap detounen.
An n sispan goumen antre nou pou fè plezi ak etranje yo. Nou dwe sispan goumen antre nou pou yon myèt pandan n ap detwi peyi nou. Ayiti se pou nou tout ,nou tout gen menm dwa se pou sa zansèt nou yo te goumen. An n met men ansanm pou n sove Ayiti pandan n ap elimine trèt yo .
Klas politik tradisyonèl la rive nan bout li,tout moun serye dwe angaje yo ak pran responsabilite yo pou n mete moun ki moun tout bon reprezante n.Politik la sal paske n kite se moun sal k ap fèl men l ap pwòp lè n chwazi moun pwòp kòm reprezantan n.Modelet Fertil sitwayn angaje.
SOS SOS pou Komin Basenble ki sitye l nan depatman Nòdwès .
Bandi kokorat sandwat atake vil la jodi a Genyen plizyè anplwaye ki fèmen andedan KOPLES la, biro dijisel la, nan lopital la, ta sanble menm komisarya a gentan atake daprè plizyè sous nou ka fè konfyans.
SOS SOS pou Komin Basenble ki sitye l nan depatman Nòdwès .
Bandi kokorat sandwat atake vil la jodi a Genyen plizyè anplwaye ki fèmen andedan KOPLES la, biro dijisel la, nan lopital la, ta sanble menm komisarya a gentan atake daprè plizyè sous nou ka fè konfyans.
Bandi viv ansamm koupe tèt 10 chofè taxi kabarè ,ki te pase nan wout dekoupe pou al depoze kèk moun akayè ki te bloke nan wout swit ak atak gang yo. Daprè sa plizyè sous konfime pandan chofè moto yo ap tounen bandi koupe tèt yo.N ap kite peyi n mache oubyen n ap fè soulèvman an?
Chaje modèl sou rezo a,se ou menm k ap konnen kiyès w ap chwazi nan yo pou w swiv, èske w fè chwa swiv moun k ap fè betiz ak di betiz,oubyen w chwazi swiv lòt k ap fè sak pozitif ki ka ede w byen konstwi viv epi fèw soti yon moun sosyete a ka konte sou li.Antouka chwa w nan menw.
Abitan solino,ba Delma , nazon ,swete tounen,yo anvi tounen, yo vle tounen lakay yo men malerezman yo pa ka tounen ,paske kondisyon yo pa reyini pou yo tounen. Bandi viv ansanm yo kraze,mete dife ak piye tout sa yo te genyen nan zòn yo. Pèp la lage pou kont li malerezman .
Mwen te di n sa depi avan menm KPT a pran fonksyon. Yo vini ak 9 konseye prezidan an se pou yo ka vòlè epi refè sante ekonimik pati ou gwoupman yo soti yo men yo pa vin regle anyen pou peyi a. jodi a plizyè nouvo rich kreye men pèp la ap nwaye nan kras ak mizè .Fòk sa chanje.
Nenpòt Jou pagen Gang ki nan tèt Leta a,peyi a ap gen sekirite ladan l.
Se Gang ki fè moun ki di yo se dirijan yo chèf ,sinon jiska prezan yo t ap sivil .Ebyen moun sa yo pagen oken enterè pou detwi patron pouvwa yo. Pèp Ayisyen gen responsabilite pou kontinye mobilize kont yo.
Leta pa pèdi Mibalè
Men pito w leta livre Mibalè ,Menmjan yo te livre Kfou Fèy,solino,Nazon,delma 30,kfou Ayopò jiska Delma 29, sanm pa pale de Kenskof ak lòt zòn yo. Bandi yo pat janm Pwisan vre men se paske bandi yo nan Leta ki koz ou wè Leta a pa janm fè defèt ak yo .
Toutan problèm politik yo pa rezoud, ensekirite a p ap sispann.
PNH la se yon enstitisyon ki yerachize,gen aksyon pou polisye yo poze yo fòk yo jwen lòd . Toutan gen divizyon nan mitan dirijan ki nan tèt leta a se mwens chans nou genyen pou n jwen ti moso sekirite. Makesa
Pa dwe gen oken dyalòg ni negosyasyon ak teyoris, Tout nèg ak zam ki kontribye nan destabilize ak kraze peyi a dwe al chita pale sèlman ak bawon nan simetyè savledi repons ak zak y ap poze yo se lanmò.Nou pagen prizon, pagen lajan pou bay kriminèl manje ak swen. Lanmò pou yo.
Randevou kase pou demen lendi 13 Me 2024 la avèk Analis politik Fertil Modelet sou antèn Radyo Televizyon Karayib .
Modelet fertil se envite jounal Gran boulva sou RTVC demen lendi an.
Nou pwal kòmante aktyalite avèk anpil teknisite
Pa rate randevou a.
Nan Emisyon VERITE Lakay sou antèn Radyo Bwakayiman pòt Pawòl MOPOD la Andre Raphaël deklare yo rete atache ak akò 3avril la .Pou oken rezon yo paka antre nan demach pou vyole yon akò ki bay Nesans ak CP a,nan sans sa yo rekonèt Ansyn Seanatè Edgard Leblan kòm prezidan konsèy la.
Yon geriya
Oubyen yon soulèvman popilè brital sèlman ki ka fè Ariel kite pouvwa a,men malerezman nèg ki di yo vle ranplase Ariel yo se jwèt manje tè y ap fè,paske moun ki mete epi kenbe Ariel sou pouvwa a se yo menm n ap mande pou retire Ariel.Blan an p ap retire Ariel pou nou.
Mir.Manigat rive devan ekip CARICOM lan li depale pase jijiri k ap Pete nan chodyè cho Kay fanm San Mari ki grangou depi 7 jou.
Mwn rive konpran politisyen nan peyi dayiti San Etik,San moralite ak San karaktè Sa montre aklè youn nan yo patap janm kap defan ideyoji desalinyèn lan.
Kilè n ap kwè blan an patisipe nan gangsterize ak destabilize peyi a?
Kilè n ap kwè blan se pa zafè pa nou y ap regle men se pwòp enterè yo y ap jere?
Tout peyi k ap sipòte Ariel yo se yo ki toujou ap fè promosyon pou demokrasi wi ak eta de dwa men jodi yo konfòtab ak Ariel.
PM Ariel se yon esklav k ap fè travay mèt li trèbyen, Andre Michel(SDP) se yon jwè PHTK achte k ap defan ekip San mank ,moun akò 21 desanm yo se yon pakèt esklav modèn kap chèche proteksyon blan an ak avantaj. Swit ak sa, mwen rive konpran blan se sèl Mèt ak seyè nan peyi a.
PM Ariel se sèl wa nan peyi Dayiti
Blan an ba li pouvwa l pou l lè l pa kapab ankò .Li rete fidèl avèk Mèt li. Nou menm nan klas politik la n ap mande pou Mèt li retirel. Ou pa panse nou enkoyeran ?Se sak fèm toujou di se nou ki viktim se nou ki dwe demaske l senp kesa.