Lèd ou bèl se konesans ou ki ap baw vrè valè w⚡
Yon lè yo pap fokis sou fizik ou depi w gen bagay nan kràn ou
Se limyè w pote a yap itilize pou pale de ou
Flash la met led yo pap pè mete pil neuf ladanl
Ou mèt abite nan chato depi w se yon pòv ou k pou ouvri baryè w
#batbètou
Evite li nenpòt bagay byen fò
Evite gade bagay ki fè w adikte
Evite soumèt ak kapris moun ,ki jis vle w vini e ki pa deplase pou rankontre w
W a dim mèsi yon jou,lè w fin dekouvri kisa ki konn rive si w fè yo,
Prepare w pou w asime konsekans yo si w te toujou konn fè sa yo!
Kòman fè w se gason
Bouch ou sal
Fanm ka bouch sal,fanm dwe pale nenpòt jan?
Se pa ke gason ou fanm dwe gen bouch pwòp ou sal
Se pran tan nou fòme tèt nou
Gen mo ki twò pike pou di yon moun,li ka tèlman wont li fè kolè
Kontwole lang ki nan bouch ou
Valab pou fi kou gason OK?
Jan mond sa prale a la a: Si n lwayal komanse diminye ladanl,sinon n pral soufri anpil!
50%Ipokrizi 50% lwayote ,pou n te viv si n te gentan konn sa pi bonè…
NB: Mpa di n pa ret lwayal non,men prepare n pou n soufri!
Gason ki renmen w lan pap kite w paske w twonpe l
Fanm ki renmen w lan pap kite w paske w foche
Men l ka fè vi w tounen yon lanfè
Retire kò w lè konsyans ou pa trankil
Paske w ap regrèt pitye moun sa gen pou ou a kanmèm!