@RalphEFrancois@MsErline Menm moun ki kandida yo, vrèsanblableman, pa konprann sistèm politik ayisyen an. Paske kòman yon moun ki kandida pou pòs prezidan fè ap mache di li pral fè chanjman pandan l pat janm konstwi pati ? M ap kwè nan moun sa yo lè m ap wè se bagay pati ki ap regle.
Ou gen dwa pa dakò ak metòd Bukele yo. Ou gen dwa enkyete w pou lavi inosan ki ka viktim nan operasyon kont gang yo. Se yon enkyetid ki lejitim.
Men, lè w ap denonse risk pou inosan viktim nan operasyon sa yo, pandan w pa janm mande bandi yo depoze zam, rann tèt yo epi sispann teworize popilasyon an, ou aji an pwotektè bandi. Ou nan gang nan tou.
Lavi inosan yo pa sèlman an danje lè fòs sekirite yo ap fè operasyon. Depi lontan, se chak jou gang yo ap touye, kidnape, vyole, dechouke moun lakay yo epi simen laterè nan mitan popilasyon an.
Yon moun oswa yon enstitisyon k ap pran lapawòl, k ap pibliye kominike nan non pwoteksyon lavi inosan, ta dwe gen menm fòs ak menm detèminasyon pou denonse egzistans ak zak gang yo, pou mande yo depoze zam, rann tèt yo epi reponn devan lajistis pou krim yo komèt.
Ou pa ka fè pwoteksyon lavi inosan tounen yon prensip ou defann sèlman lè se operasyon kont gang yo k ap fèt.