● An atandan afich la soti ●
Samdi sa a (28 Dawout 2021), pral gen yon vant siyati DEGI nan Yanvalou apati 3è nan aprè midi. Toujou nan menm lide pote kole a, mwen mete 120 liv disponib.
Tout lajan ki antre a (100% kòb la) pral jwenn yon komite moun MANICH ki pou jere sa.
Jean louis fernandes est un garconnet de 6 ans (gs O+) qui est arrive à @HospBernardMevs, le 19 août après avoir passé 3 jours sous les décombres à Jérémie,lorsque sa maison s'est effondrée lors des répliques.Aidez Fernandes à se faire opérer,allez faire un don de sang au CNTS
Sou Zile Lilèt nan Pestel
Ti lèzany sa vale yon pyès monnen 5 goud (adoken)
Paran l pa gen mwayen yo bezwen èd pou tchovi a fè operasyon.
Nimewo yo bay la : 3858 2580
Non : Cadet Ivana
Ps : Kay yo kraze nan tranbleman an
Sèl lanmou k ap rete
Svp lè n ap fè don pou viktim yo, bay bon bagay. Pa egzanp, pa al ranmase tout vye rad nou p ap janm mete sou nou paske yo tankou ranyon pou nou voye ale nan don. Fè kado pou nou fyè sa nou bay la. Kenbe diyite nou epi respekte moun yo.
#Diyite
Kreye Hangar an bwa ak tòl, nan espas ki safe
Pou abrite moun blese, granmoun, timoun,
Nan lè ki pral rive yo, pou si gen gwo lapli.
Pa blye ke tant ak pwela gendwa pap ka itil nan gwo van
#Haiti#Haitiearthquake2021
2010 aprann nou, nou ta mèt gen milyon éd, s il pa jere oswa s il mal jere, se lave men siye atè. Nou dwe òganize nou pou èd la rive kote l dwe rive, pou se pa malfektè ki plen pòch yo kòm dabitid.
Nan aksyon pou ede yo, sonje souple:
- #COVID19 la toujou
- #Grace nan wout
- Ensekirite a la toujou
- Fanm, tifi ak tigason k deplase yo bezwen pwoteksyon kont abi, notamman abi seksyèl
- Moun ki nan bezwen merite n respekte diyite yo, pa pran foto yo nan move kondisyon
#Haiti