@Elprofsor Mw menm lem fenk kwazew sou telegram nan bay serie mw pansew t gen bon lespri ui, apa son egare ki t dèyè paj sa, ou janm wè pedri gen foli jwe an atak pu fe goal, ou pa wè wòl pal la janl jwel swa
@Dawil06@thierryprinston Mete bon sans, misye di: li pran konje li vin lakay li delmas95, so misye al jere dosye ma66 li, misye ale ak zam li selman li pat ale ak uniform, uniform sa yo met sou li an wap wel pa bon pu li c pa pu lil ye, neg yo plen bgay sa yo, dpi sou chapo a wap gntan sou menw
@MengualManovsky@lamygeorges Kman tout neg yo gaspiye a? Apa de black la tt mun knnen kijanl t muri ak Don chov cancer fini avel, dim ki kote ayiti manje yo a?
@aljone001@SteevyDope Mpa revandike pu monotony misye a but mw revandike lew pale de momentum li pat profite de li pul t lage EP a, mw just few knnen misye pa janm an bès menm dpi 2025 that's it
@aljone001@SteevyDope Oh oh gadon egare, dpi nan mitan ane 2025 lan lè kolabo chèlè a soti, misye pa janm anbès nn tt sal lage hit pu jis jodi a li lage EP a
@iamguivanel Mesye anpil fwa nap fe foli pu ekip fanm, wap jwenn le plus souvent yo pa dous menm, wap jwenn tout angrenay yo fini, lew fin kraze wap wè c lave men siye atè, yn neg pral di: ah c pu respè li kraze men kitem diw byen, c pa nan jan de mun sa yo pu nu chache respè a
@stephaniedouyon C pa tout ti jèn ki k bay lanmou an, fow konn fèl puw fèl fow ne knsa, fow romantik puw fèl, yn ti jèn kap frape yn fanm matin midi swa sa pa rele lanmou, lanmou en soi c yn package
📰 Yon Nasyon Pedan (Yonn ap FLEX* sou lòt)
GANG - LETA - MALERE KAP FÈ EFÒ
Kisal Bay ?
• GANG nan mande yon MALERE plis ke 100k us lèl kidnapel,kisal pwal fè ak tout kòb sa nan Labou kotel ap viv la ? Sil fè krim sa poul chanje lavil,poukisa li kontinye ap fèl ?
Li fèl paske gon MALERE kap fè efò nan Zyel e l santi kap FLEX sou li,E lè Lajan sa tonbe nan menl,li Flex sou Getol,li itilize lajan pou abize jèn yo e charite Granmoun yo,Fè Resèt sikilasyon sou moun kap batay ak lavi.
•LETA konnen moun kap fè Kidnapping pandan 10 ane,poukisal pa janm Elimine moun sa yo ?Paske LETA konnen pouvwal se nan men moun sa yo,e sil vle kontinye Flex sou yon MALERE KAP FÈ EFÒ,fòk li kite Geto a sòt,ou panse LETA paka bay tout katye popilè yo Lwazi vre ? Ou Imajinew jèn yo gen kouran 24/24,Yo gen bon konpayi entènèt,yo gen kote pou fè degouden,yap enstwi tèt yo,Tout moun sa yo ap vin MALERE KAP FÈ EFÒ,Depi LETA kòmanse wè majorite moun yo pa nan Kras,yo pap kouri dèyè yo lè yo debake an Vès nan yon Zòn,chèlbè ap pap bèl non‼️Ou Imajinew Nèg la te a letranje nan Kay li,epil rantre Ayiti vin fè politik,Lap dòmi nan Otèl chak jou 160$ us pandan plizyè mwa,plizyè machin ak sekirite.
•3 MALERE KAP FÈ EFÒ rantre Nan yon restoran ki plase yon kote tou sal,lè yo soti yo poste sou Rezo a,pla manje yo koute yo 10.000 goud : Wi << 10.000>> nou konnen an,eskel nòmal pou <<10.000>> nan peyiw san valè konsa,pandan wap viv nan Fatra.
MALERE KAP FÈ EFÒ ap kite Ayiti,li di vlog : <<Guys Ann al fè yon Weekend Miami avèm >>,Lè lap tounen depi nan Epòt la,malgrel se Ayisyen,moun yap mandel lajan Ameriken,lèl ap Pran Taxi🚕 ,Taxi a dil kous la ap 60$ us,pandan sèvis Airport la an kk,men tout moun alantou Airport la ap egzijew bay kòb Ameriken..
Tout sa poum di nou, AYISYEN se yon pèp ki PEDAN,pa gen yonn Nan nou ki vle Ayiti gon Vi miyò,nou pa vle majorite a Egal Ego,
Nou pa vle fè sa kap bon pou Majorite a..
Se sak Fè GANG nan ap rantre milyon sou MALERE KAP FÈ EFÒ pou li sèl mèt e senyè nan yon CHATO antoure ak Labou.
•LETA pa vle pou GANG sòt san edikasyon yo mouri,paske se ak yo pou matirize Ti Pèp sòt yap Flex sou li a.
•MALERE KAP FÈ EFÒ a
podyab nan montre ke li ka goumen ak sistèm nan e fè ti foulay Ayiti, li ekspoze lavi li ak biznis li pou yon LETA ensousyan Ki pap Anyen san GANG‼️
‼️Pandan Gang ap fè Resèt atè,Gon gwoup Nan Elikoptè,yonn pa vle pèdi Bras yo..
Mèt konpayi Avyon yo ap monte Tikè..
Tan yo met sekirite, yap chèche lòt kote pou achte tè.
Anfen...
YO RELEM ANMWEYYY...