#PititSenMak se yon platfòm ki la pou konekte ansanm tout pitit Senmak, Pandan n ap Enfòme, analize, kòmante ansanm aktyalite sosyo-ekonomik vil Sen Mak
🚨Direktè APN SENMAK la #NolaMarius demanti enfòmasyon ki ta fè kwè gen yon kagezon zam ak Bal ki ta debake sou Pò Senmak la jounen mèkredi 04 Me 2022 a.
Selon enfòmasyon direktè a, gen sèlman 2 Bato ki akoste sou Pò a, Woun gen Rapò ak mange pou chyen e lòt la se pou Coca-Cola.
21, 22, 23 ET 24 AVRIL : DESTINATION SAINT-MARC
Cette année marque la 14e édition du Festival Mizik Saint-Marc, une manifestation culturelle qui vise à mettre sous le feu des projecteurs les meilleurs talents locaux et nationaux.
#festivalmiziksaintmarc
Get Ready for the Throwback Today....
NEWS FM 94.3 Saint Marc, ARTIBONITE HT.
+509 4050-0303
+509 3148-0088
What's app text: https://t.co/SJNxa7xS9F
RADIO LINK:
Zeno: https://t.co/UF737MuoXZ
Radiobox: https://t.co/khpw4Pf3pH
Imajine nou "LE TRANSPORTEUR" k ap travèse pou pi piti 5 moun pa week-end matisan kote moun y ap peye 300 USD. ki pa konn konbyen yon Plat mange anba dra vann, ki pa konn pri yon chanm kay, Pri kous machin elat.. Pa p janm konprann lè yon malerèz ap mande 1500 Goud salè minimòm.
Sektè Demokratik Popilè a denonse Zak entimidasyon ak represyon Politik Léon Charles ak aparèy jidisyè a ap fè nan Senmak sou kamarad Jeff Xaviers,Germain Louis,Wesner Joseph,Anuel Fortuné ki se Dirijan lokal Sektè Demokratik e Popilè a. Moman an rive pou represyon an sispann.
Se pa POSIB!
@UBHaiti pa ka ap fè malere ak malerèz yo sa. Nan mitan yon solèy cho.
Menm yon espas nou te ka fè pou moun yo chita nan lakou a anba yon anga kèlkonk.
Kriminèl sa!
#UNIBANK_SENMAK@WiltonDORVAL 📸
JOVENEL MOÏSE ta dwe pran DELANE kòm pi gwo kriminèl, asasen ki egziste.
Pou Lanmò Me DORVAL
Lanmò GREGORY SAINT-HILER
Ak divès lòt jèn fanm ak gason kou timoun piti.
malerezman T-KRÈT MAGAZEN
Mete l kòm youn pami 12 Gwo pèsonalite prestijye pou ane a.
Sa lawont! 🚮
🔴FLASH!
3H 15, Divès inite nan lapolis twouve yo nan lokalite SAVIEN nan kad yon operasyon pou rive trake gwoup gang GRAN GRIF ki gen nan tèt li ODMA LOUISAINT.
@PititSenmak
Oublie le travail et le patron. Profites-en pour te reposer, t’amuser et te faire plaisir! c'est le week end NEWS FM est là pour vous!
zeno: https://t.co/UF737MuoXZ
Radiobox: https://t.co/tSH9by5twp
🔴FLASH
Jounen Vandredi 11 septanm nan, ajan BLTS yo ak Brigad ladwàn te mennen yon operasyon nan Parking APN ki twouve l nan Fresino kote Divès machin te pase anba fouy ajan yo.
➡️ Nan kad fouy sa a, Yo dekouvri Pliz zam manch long ak plizyè 9 Milimèt Epi divès Minisyon.
🔴FLASH
Gwo deblozay nan lise BISANTNÈ Senmak 11h 30 Am.
➡️ Selon enfòmasyon ki rive jwenn @PititSenmak ta sanble gen plizyè elèv ki blese e sitiyasyon an pa fasil ditou pou kèk anseyan ki ta fèmen andedan lokal la.
Rete konekte ak @PititSenmak pou Plis Detay.
Jounen 10 Sept_ nan, ajan BLTS yo te posede ak fouy nan bato ki pote non ACCORDIA SHIPPING
Nan fouy sa, ajan BLTS yo rive sezi 3 zam kalib 9 Milimèt ak 1 chajè zam otomatik akonpaye plizyè katouch
➡️semèn pase a, ajan BLTS yo te dekouvri yon kagezon zam otomatik nan Bato sa a
🔴FLASH
Ajan BLTS yo akonpaye ak Jij Phanels FILIUS poze Sele sou Yon HUMMER M³ nan Parking Lasiri Senmak aprè Fouy ki te fèt apre midi a
Fòs lòd yo dekouvri 2 Bwat Katouch ansanm ak yon liv Manyèl enstriksyon Zam Mak BERETTA
Ajan BLTS yo ap kontinye ak yon fouy pi apwopondi
🔴 FLASH
Plizyè Ajan BLTS Debake nan Parking APN ki nan zòn lasiri Vil Senmak. Pou kounye a ajan BLTS yo ap posede ak fouy plizyè Machin ak konntenè...
N ap raple, Dimanch ki sot pase a. Ajan BLTS yo te dekouvri yon 3èm kagezon zam sou Pò Senmak la.
@PititSenmak | 5H 55 PM