Si w anvi TRIP, jis chache yon FI (fanm) ki gen menm VAYB ak ou epi avanse🥳...
Pa janm oze fè VOKS*L ou yo ak yon ti MALERÈZ ki deja plen PWOBLÈM😪 e ki sèlman vle yon bon pwochen ki pou EPOLE l✊🏾.
Lè w f on ERÈ parèy, otomatikman ou tou deklare LANATI lagè☯️😇.
#padimpatdiwsa🙌🏾
Si w ap gade sou jan moun isit envesti TAN yo nan veye TI ERÈ ke w komèt lè w ap ANTREPRANN yon bagay pou yo ka tante BANALIZE l aprè, kwè m si w vle, w ap fè TOUT VI W san ITIL tèt ou yon m*rde kouzen!👌🏾😉
KONSÈY: Fè zafè w san gade DÈYÈ!🫶🏾🏆
#sèlsayodwew😊🚮
Rete ONÈT malgre w GRANGOU/RAZÈ se youn nan pi gwo PRÈV ke w s on MOUN (nan tout dimansyon mo a)!👌🏾💯
Paske denojou, sa rete kòm youn nan pi gwo DEFI lèzòm.😊✅
#padiwpatkonnen 📌
Sa konn rive pou yon moun fè w yon MAL, epi ou menm ou anvi touye tèt ou pou sa…🤦🏾♂️💔
Epoutan si w te gentan konnen nan ki nivo mal sa t ap al fè lavi w BYEN alavni, san ezite ou t ap peye l pou l REFÈ w menm bagay la jouk ti poul fè dan!😤💯
#kitetanpale😊🤝🏾⏳
Mete VALÈ sou TÈT ou a se youn.✅
Chèche yon MACHE ki KONPATIB avè l pou w ekspoze l la se de (2)!😉😊
Paske gen kote w chwazi al vann KONPETANS ou an/yo, ou tou kondane pou w pa janm DEVNI anyen serye nan vi w!🙌🏾🙌🏾🙌🏾
#jweakentelijans🧠🎯
Aprann fè diferans ant lè yo RENMEN W ak lè yo renmen sa w ka OFRI yo a.📌
Aparamman yo se MENM.✅
Men anvrè yo trè lwen pou yo IDANTIK!🤝🏾
#eseyegrandi📈😇🫶🏾
Wi ou se MÈT tèt ou e w p ap viv pou PÈSÒN!💯
Anmenmtan, pa bliye ke w p ap evolye nan yon RAJE osinon yon DEZÈ.😉 Men pito nan yon SOSYETE.😊
Alò ou g on jan pou w ye. Se devwa w pou w panse ak lòt yo tou zanmi m!🤏🏾
Sinon w fenk kare FRISTRE dèske tout moun KONT ou!🙌🏾
#reseziw📍
Gen de moun, si pa malè li ta fè w yon bagay ki pa fin nan SANS ou, ou ka toujou pa rete sou li menmjan an ankò, men pa kouri JETE l poutèt sa.🤚🏾🔴
Paske anpil fwa se Bondye menm ki depoze TI GRENN sa sou wout ou pou l ede w GRANDI.🤝🏾😊✨
#aprannkiltivelatolerans🥂
Menm lè nou tout konnen ke SILANS fè plis BRI ke BAL���,
sa paka anpeche n admèt ke gen de kote w twouve w, pou sa w VLE a rive PASE, ou gen OBLIGASYON pou w fè tande VWA w kòmsadwa!🤏🏾😊
#sinonwapfèkòve👋🏾💨
Sa nou dwe konnen:
Si se sou APARANS n ap gade, nou fenk kare mete yon bann moun ki pa menm posede on PYAS (🪙) nan ran BILL GATES.🤩
Paske se pa yo n ap janm jwenn k ap vin PLENYEN mizè yo bay pèp!🤏🏾😊
#mounsayokikagranmoun📌
#rezistanskapfèt✊🏾
Majorite ETAP ki te ka fè m ABANDONE yo, m fè yo fè SANN deja.✊🏾
E, ti sa k ap tann mwen pi devan yo, tou alète yo ke m deja gen ESTRATEJI pou m fonse yo ATÈ!🔴🙌🏾
#anyenpakabarem💡
#syèllakilimitmwen🚀#moremotivation��🏾♂️
G on volim KONFYANS yon moun fè w epi kòm rekonpans ou chwazi TRAYI l💔, ou gen pou w konprann nan ki nivo ou te DETUI vi l inikman lè yon lòt moun rive GRIYE w nan menm CHODYÈ sa tou fanmi m!😊🤝🏾
#revètoujoupiboule☯️ #pasyante😉
Dèfwa se pa bon w pa bon, se pa ase JEFÒ w pa fè, e se pa bon ESTRATEJI w pa itilize ki koz ou pa janm ka PÈSE a.🤦🏾♂️ Non❕
Pwoblèm lan sèke w gen twòp jwè k ap jwe KONT OU nan pwòp EKIP ou a!🤏🏾💔
Solisyon an pa lòt ke CHANJE ANVIWÒNMAN kouzen!🤝🏾😊
#sinonounankouri✌🏾😀
Gen kèk moun, pou valè BYEN yo fè pou mwen nan LAVI m, okenn MAL yo ta vin fè m aprè paka pouse m bliye kouman sa te ye AVAN!👌🏾
Mèsi ak nou!!!💚🙏🏾💙
#sasetanperamanm🔖
Si LANMOU te yon game🎮, REKOUTIZE yon moun ki te nan vi w e ke w kite l ALE💔 akoz NEGLIJANS ak IMATIRITE w se t ap LEVÈL ki plis DIFISIL pou wadèvè nan nou pase a!🙌🏾😪
#padiwpatkonnen😉
#kenbemounoudi🤝🏾👩🏽🤝👨🏾🤩
Aksepte tout DOULÈ yo tankou yo te DOUS.🙏🏾😊
Paske youn nan pi gwo GARANTI ou genyen sèke yo p ap la pou TOUT TAN baz mwen.🤝🏾
>>> Ou lite twòp pou sa!✊🏾⚡️
#lavidèyèpokomanyen🤫 #jouala🥳