Moun Baradè fyè de lakay yo, nenpot jan sa ye yap chèche yon okazyon pou vin lakay yo. Pami tout bèl okazyon sa yo 29 jen se youn, fèt Sen Pyè patwon komin nan. Se nan menm optik sa mwen koupe m byen ba pou m salye tout moun Baradè kèlkeswa kote yo ye sou planèt tè a.
Granzans yon bèl lokalite sou preskil Baradè a, ki fè pati de komin Gran Boukan kap fete Sen Jan jodi a, nou swete yo tout bòn fèt, mwen konnen plaj Victoria ap chaje moun jodi a, nap swete yo pridans epi amize yo an byen. Ke Bondye akonpanye yo sou chimen devlopman an
Salouwe konpatriyòt yo, onè respè pou tout frè n ak sè n yo ki nan Bwosa ki ap selebre Sakrekè jodi a. Se seksyon ki tèmine Baradè, li sou limit Pestèl li sitiye l ant 4e e 5e seksyon menm si pifò sipèfisi a sou 4e. La bay anpil manje men li pa epanye tou ak pwoblèm wout la.
Salouwe konpatriyòt yo, yo di dèyè mòn gen mòn Baradè pwouve nou reyalite sa. Lè wap gade on lokalite tankou Peyi pèdi, mòn ap fè tèt ou vire. Kounye a se moman pou n konn kòman pou n esplwate mòn yo pou yo ba n randman. Lakay nou se richès ki nan labou, ansanm ann met men pou n
Salouwe konpatriyòt yo, jodi a kote nap fè yon limyè sou dyaman sa ki antere nan komin Baradè a. Pagen lontan pwofesè Etzer Emile te de pasaj nan Miragwàn pou l te prezante emisyon Education économique. Nan emisyon sa yo te pase sou potansyèl Nip e yo te mansyone
#yonlotvizyon
Boukan yon komin ki vle viv, pitit li ki deyò ap fè tout sa yo konnen pou yo devlope l ak zong, mwen espere ke Leta a wè potansyèl yo e envesti nan kominote pou fyète peyi Dayiti. Jodi 24 me a se fèt Mari Oksilyatris patwon komin nan. Nap swete tout moun Boukan bòn fèt.
Salouwe konpatriyòt yo, Baradè se yon komin ki bay manje e tout sòt de manje, pami yo wap jwenn bon diri peyi a. Wap jwenn li nan vil la zòn marekaj, Nikola, nan lagon Lavale, anba ladwann Rivyè sale, nan plenn nan se pa pale, kote w pa ta panse fè diri nan Baradè se ankadreman
Salouwe konpatriyòt yo, jodi 17 me a lavèy fèt drapo a, jèn nan Tomasè premye seksyon refèl ankò yon 2e edisyon fèt drapo a. Menm si lotorite isit vle kraze tradisyon yo, noumenm nan pwovens nap kenbe yo pou lot jenerasyon Ayisyen kap vini an pran destine yo an men...
Salouwe konpatriyòt yo, moun Baradè ap pare yo la pou nan yon mwa ankò pou fete fèt Sen Pyè patwon komin nan, nap raple w 14 out 2021 an legliz la te kraze nan tranbleman tè a, sa pral fè 2e fèt san senbòl vizib sa. Ou pa oblije katolik men senbòl sa li anblematik a vil la...
Salouwe konpatriyòt yo, mwa me se mwa Mari e se mwa Gran Boukan tou, maten an nou jis vle w reflechi sou aspè touristik ak ekonomik ke lamè a ka bay a komin nan. Gade lajè on lamè ki separe kot Boukan ak kot Baradè, anpil rali te ka òganize sou lamè a, endistri pèch la te kapab..
Salouwe konpatriyòt yo, moun premye seksyon ka negosye tout bagay avè w menm fet Sainte Anne ka Pede yo ka pase l sou silans, men jamè 18 me ki se fèt drapo a, moun Tomasè depi kèk ane toujou mete gwo anbyans anlè a kote moun tout kote vini vin pran pezi yo. Pandan nap ankouraje
Salouwe konpatriyòt yo, yon kout je sou ka Loran pandan dewoulman rara. Nou tout konnen rara se yon aktivite moun lakay pa negosye, men kisa n panse si n met plis estrikti pou rann li pi bèl. Se vre vizaj yo chanje men se menm pike devan an depi lè gran papa m te konn mache rara.
Salouwe konpatriyòt yo, pou sa ki lwen yo maten an nap pran kannòt nap janbe dlo pou nal nan komin Gran Boukan youn nan konpozan awondisman Baradè a, nou pral vizite on kote ke anpil moun pè men nou tout ap pase la, simityè kominal la. Se yon kote moun yo pral pran dènye repo,
Salouwe konpatriyòt yo, komin Baradè bezwen tout pitit li pou l avanse, la nou sou Granri, ou ka remake li on jan dezè, e li ta dwe atire atansyon tout moun kap panse devlopman pou ta kreye kèk ativite komèsyal ki lye a bezwen kominote a pou rann ri a pi mouvmante, pi vivan.
Salouwe konpatriyòt yo, jan m toujou di l tout resous yo disponib, nou jis manke esplwatasyon an, e kwè m si n vle li pap esplwate tèt li. Se noumenm ak desidè yo nan on plan global ki pou valorize yo. Ann òganize n pou n bay lakay nou on lòt imaj. Bon sole tout moun Baradè alawo
Salouwe konpatriyòt yo, maten an nou Laplèn e nap fè on ti analiz, jan nou wèl la se yon moto ki chaje ak machandiz, lontan lèm tap leve se te bourik, milèt, cheval ki te konn fè travay sa yo. Jodi a travay la fèt pi rapid se vre men kisa l fè sou atmosfè riral la ki te toujou
Bonne fête Saint Joseph le travailleur à toute la 5e section et particulièrement au chef-lieu, Rivière salée. Pluie de joie, de bonheur et de bénédiction à toute la communauté.