Bandi ak zam moun pa rive idantifye touye comédien Ralph Theodore alyas “SEXI”. Enfòmasyon k’ap sikile ta fè kwè Yo jwenn kadav li nan yon koridò zòn avni poupla.
6 Polisye mouri anviwon 2 lòt blese nan kad yon afwontman nan depatman latibonit, zòn Lyankou. Kidonk nan sèlman kèk jou, bandi touye 10 Polisye an Ayiti.
Pwofèt Bèje jwenn arestasyonl ayè samdi 14 janvyea 2023 a. Daprè PNH la, pwofèt la se alye chèf gang « Ti Lapli » e li ta gen enplikasyonl nan divès ka kidnaping.
Aprè pastèa fin pran pitit li pou byen montre legliz pozisyon kwazea, komisè Gouvènman Pòtoprens lan mande direktè Jeneral ministè ki regle zafè legliz yo (Ministère des cultes) pou entèdi Armel Lafleur ofisye antanke pastè pandan yon kantite tan.
Kabinè avoka pastè Armel Lafleur mande pakè nan yon lèt ki date 3 Janvye 2023, pou repòte envitasyon kliyan yo a pou 15 jou, malgre volonte li genyen pou te fè sa.
Emiliano Martinez, gadyen seleksyon Ajantin nan fè konnen li achte yon chyen pou 23 000 ewo poul ka pwoteje twofea. Chen silaa sibi antrenman fòs spesyal yo, kidonk twofea an sekirite.
Le plus grand footballeur de l’histoire, le brésilien Edson Arantes Do Nacimiento dit “Pelé” est mort des suites d’un cancer du colon, ce jeudi 29 Décembre 2022, à l’âge de 82 ans.
Ayè lendi 26 Desanm 2022 a, bandi ak zam atake youn nan bis konpayi transpò Rotasyon ki asire transpò Ench-Pòtoprens. Daprè divès temwen, chofè a mouri sou plas e gen nan 29 pasaje yo ki ta soti blese.N’ap raple chofè yo frekante wout sa anpil paske gang ap domine Kwadèboukè.
🆘 Evite zòn Kwadèboukè nan moman an (6h20 PM). Gen afwontman ant PNH ak Bandi Kafou Marasa-Dival-Nan Remi-Nan Rakèt. Yon radyo nan Kapital la rapòte endividi ki fenk ranplase Kòlèg la mouri anba katouch fòs lòd yo.
« Kòlèg ». Chèf gang Gedon ki se yon ti lokalite nan Kwadèboukè mouri jodi mèkredi 3 Août 2022 a nan afwontman ak divès ajan Polis Nasyonal la nan zòn Dival Wòch.
Pandan jounen mèkredi 27 Jiyèa, Lapolis nasyonal peyi D’Ayiti arete 5 endividi plis Jean André alias « Ti André » ki se chofè chef gang Izo 5 segond k’ap opere nan vilaj de Dye a.
🆘Bandi ak gwo zam antre anndan yon legliz zòn Meyè nan komin Kwadèboukè dimanch 24 jiyè 2022 a nan maten e touye enspektè polis Reginald Laleau. Ta sanble gen yon lòt moun ki mouri tou nan moman atak la. Yon ti tan aprè, ajan PNH vini e boule plizyè motosiklèt.
🆘Endividi ak gwo zam rantre kidnape madan sineyas Arnold Antonin anndan lakay li nan Tomasen 29 pandan jounen madi 7 Jen an. Pou kounyea yo poko reklame lajan pou yo liberel.