@ralphganthier Ou pale bèl se selman sou pwen 3 m pa dakò avè w. Apre sa k te fèt match ale mwen pa t atann ak on match nil, te ka pa gen gwo eka men PSG te dwe bat yon Monaco ki ap jwe ak on katon wouj.
Zanmi = koneksyon ki fòme atravè tan, li bati sou konfyans, pataj, ak sipò san kondisyon. Zanmi se zetwal ki klere nan syèl nou. Zanmitay depase distans , diferans , ak eprèv yo. Ou pa bezwen anpil zanmi men ou bezwen kèk BON ZANMI.
Yo se lajan sere
BélO!
Apre sa ki pase Amazura a m swete anpil atis aprann Sa a valab pou nenpot atis ki pa ta swete sa ki rive Amazura rive yo. Ke se ou ki pwodwi/konpoze, ke se ou yo envite sou chante sou yon mizik.
Menm si nou se bon zanmi. Li enpòtan pou gen akò ak kontra klè an plas ki defini:
- koze dwadotè
- Si nou dwe fè videyo klip ou pa. Kiyes kap peye pou li
- Fè konsè, konbyen wap touche pou sa
- ki jan n ap separe lajan mizik la jenere
- kondisyon pou bay otorizasyon pou lòt moun itilize mizik la
- Kondisyon sou pèfomans live
« BOURIK PAP TRAVAY POU CHWAL GALONNEN »
Sa se yon vye ekspresyon ki pa gen anyen pou wè ak foutbòl. Pa gen okenn ekip nan Mond lan ki pral jwe yon gwo konpetisyon ki pa bezwen ranfò. Sitou si jwè an gen nivo.
Ayiti pral jwe Mondyal, ekip la chaje fay, si n gen jwè ki ka ede ki deside rive, se ap trè byen paske nou dwe jwe yon gwo tounwa.
Sa rive tout kote. Lè yon ekip kalifye pou yon gwo tounwa, se moman sa ou ka konvenk kèk moun, se moman sa tou kèk lòt ap kwè finalman nan pwojè w te prezante l la.
Nan menm moman sa tou, gen jwè ki te anfòm ki ka blese, gen lòt ki ka pa anfòm pou konpetisyon an. Se tout yon seri bagay ki fè ke w paka sèlman konte sou yon lis de 23 a 25 jwè.
Donk, tout moun ki ka itil Seleksyon an, depi li gen nivo, lap toujou byenvini. E pou fini map di, toutotan gen BOURIK kap TRAVAY, ap toujou gen CHWAL kap GALONEN paske foutbòl la pat janm yon syans egzat. 🇭🇹
✍🏽 Caleb Jephté Pierre
Kite m raple nou pa gen fòm kontrakte ak apostwòf jan nou kwè li a nan lang Kreyòl la. Avan w kouri di m pa konn ekri l, se ou ki merite amelyore. Egzanp: Mwen = M se pa M’. M ale se pa M’ale… Sonje nou gen Akademi Kreyòl kounye a, mèsi. Ekri li = Ekri l… @tikozeaktt1
🔺+ de 80 personnes étaient présentes à l’Assemblée Générale 2023.
🔺Un nouveau Staff Junior est entré en fonction
🔺 6 membres sont honorés “The Best Member of the year��
🔺 21 nouveaux intronisés sont ajoutés dans la liste de nos valeureux membres.
📸 : Duméus photography