M konprann ou wi men Pierrot a tèlman match ak tout liy atak la
Pa kont m dakõ ak moun ki di l te dwe kite Isidor paske c li k pi konn wout kan an pami tout atajan nou gen la yon
Non men Pierrot a match ak tout moun devan yo nèt vre wi bro, m panse pou konfyans lan misye gentan pran l wi
Pa kont m dakò ak moun ki di Migné te dwe kite l paske l c pi gwo atakan nou genyen an
Bellegarde nan tach ofansiv yo pou kont li c vre, Danley pa pote anyen nan sans sa
Men m konnen l kapab, m p ap dakò l pèdi jistès li konsa 😡
Gen nèg nan ekip la m ap toujou trè di ak yo
Bellegarde, Delcroix, Providence, Isidor, Expérience, Casimir
M p ap janm janti ak yo mw
Isidor tèlman pa t nan match tou, Pierrot te ede n anpil
Epi misye plis ka jwe ak Isidor ak Lenny , m gen enpresyon e sa k fè c Isidor li chwazi retire
Men m konprann sa w di a tou
Lenny monte twò ta vre
@Standart45 Se pou sa Lenny te dwe moute nan plas li, kite Isidor sou teren yan wi, entansyon Pierrot te bon men pye l paka voye balon yo kote k nan tèt li ya
E pil sant Experience fè yo?? Misye pa vole menm non😩
Lè Danley, lè Dominique Simon
Malgre m byen renmen yo men m pare anpil vye mo sal pou yo, fò k nèg yo konnen yo pa atakan, e n gen atakan ki ka met boul la nan filè a
Mwen nenpot rezilta yo bay la nan CDM lan m satisfè .
Gold cup la m pral tounen gade yo, m pral di yo mo sal, m pral di moun isit mo sal ki pral vin rablabla lè m ap kritike jwè yo paske ak ekip sa m sipoze chanpyon 🤣🤣.
Mw c sa k deranje m plis wi 🙄, m santi c tout ji ekip la bay la epi pou c ak sa l soti kòm rezilta 😭
Ekzakteman jan w di a s on ekip ki kapab, nou dwe pa manyen Migné, kite ekip li nan men p epi pou l korije kèk ti bagay
Nan pwochen Gold Cup la m panse n ap ka di n g on ekip
@Standart45 Tansyon m monte yèswa, mwen telman fè kòlè, fè pil bri….like ou wè potansyalite a, ou wè son match Ayiti bat klè devan w epi boul ap gaspiye man🤦🏾♀️
Pou mw Ayiti fin jwe la, m pa atann mw ak anyen ankò pandan Mondyal la, e c sa k deranje m plis
Yèroswa nèg yo te dwe sove yon match nil pou pi piti 😩
Men n dwe kite ekip la konsa, pa manyen Migné, m santi ekip sa ka bann yon Gold Cup wi mw
Mete Nazon, Placide ak Derrick deyò
Jiska prezan m rete kwè Bellegarde ka fè mye ke sa, li kapab li jis manke rit
Jwè m te wè nan eliminatwa pa t lou konsa, epi si misye pa travay kout pye arete yo ke l kite yo pou yon lòt jwè ki kapab
Misye gaspiye twòp balon ladan yo 😭
Moun yo emosyonèl, man. Ou paka kalifye yn bagay moun nan fè a chak fwa nan tout 95 mns lan de ti erè e de aksyon ki krisyal ankò…Li se yon bon jwè men li se yo meneur de jeu e li fayi a yn pati nan wòl la, fok nou ka di sa poul amelyore, yo panse se plis byen yap fè Bellegarde lè yap sugarcoat li konsa.
Wi Pepe gen rezon paske l manke anpil jistès vre, e l pa t janm di l pa kapab non li di l bese nan rit li, PP ap gad jwèt la lontan donk li evidan l ap wè lwen kote je kèk moun ki jis ap gad gòl pa ka rive
e pa ti erè monchè, misye te NIL yèswa sou kout pye arete yo
Wi li gen ti erè men se pa sa pou na p kondane l di jwe yon Vye match, yon match santi , li jwe Byen yè swa menm lè t gen ti dechè nan jwèt li an , gad Vinicius ki meyè jwè yè non, se men m jan pou Tominey wi ou wè l t jwe yon sipè match , ni Macgin tou mp diw ankò moun yo di misye mal jwe paske yo anvi montre PP gen rezon Anyen ankò