Gen nèg ki panse mondyal la se Mexique, USA ak Canada l ap bèl. Pa demele nou al pran youn nan match Ayiti yo an Ayiti pou wè si n ap janm konn sak rele feeling mondyal.
Menm si pyès moun pap vin di w mèsi, men lè w se yon sous motivasyon pou lòt yo swa nan aksyon w ou nan fason ou pale ak yo pou remonte moral yo, sa gen anpil enpòtans. Se yon travay ou dwe kontinye fè.
Nou tèlman valorize sa lòt moun genyen, sa koz souvan nou devalorize sa ki pou nou.
Se lè nou pèdi sa ki te pou nou an, n ap rann kont li te merite plis valè ke kichòy Vazin nan.
APRANN GADE VÈ NOU A MWATYE PLEN, Rekonesans ogmante benediksyon.
Nou tèlman valorize sa lòt moun genyen, sa koz souvan nou devalorize sa ki pou nou.
Se lè nou pèdi sa k te pou an, n ap rann kont li te merite plis valè ke kichòy Vazin nan.
APRANN GADE VÈ NOU AK MWATYE PLEN, Rekonesans ogmante benediksyon.
Ann fè yon ti kite ensekirite a.
Ki fenomèn sa ye? Medame yo ka chanje 4 kilòt pa jou men, yo pa gen pwoblem pou yo fè yon mois ap mete yon soutyen.
Sa pa diferan non de nèg ki konn fè semèn ak boxer yo.
Mwen gen yon ti moun 7 ans, depi lè li rantre lekòl, peyi a poko janm ba li chans pou li fè yon ane konplè.
Nou poko ka pale de avni peyi sa. NB: se sou Jovenel wi sa kòmanse.
Depi nan ane 70, 80 yo, Sitiyasyon peyi nou ap voye yon pakèt bèl fanm, byen fèt ak tèt yo plen konesans ladan l, ki te ka gwo limenna, gwo zouzoune nan peyi yo, al fè estrès fini ak yo nan peyi etranje.
Si mizè fanm pa bann konsyans, sa k ap ba nou l?
Menm si bagay yo rèd rele sou kò nou!
Nenpòt ti lasi nan je, kaka nan nen, bòkyè bò bouch, move sant anba bra, fant dèyè blanch,
Ka « Turn off » yon moun ki te on pou nou. Move sant bouch tou wi.
Pa fache non ti moun, se yon konsèy.
Se nan kan polisye yo mwen ye, la police ka gen move grenn men mwen pap aplodi bandi kont la police. Tout moun ki fè sa, yon fason ou byen yon lòt ou se gang.
Viv J Perry pou moun k ap lapide l yo. Mwen pa nan Guy Philippe. Li jije koupab li kondane…
Si w remake nan vi moun ou ye a, li santi li pi konfòtab san ou, ba li tan pou li reflechi e chwazi sa k ap bon pou li a, pa fòse l pou ka pa enfliyanse desizyon l yo. Si se bèl pwomès ou ak bèl jès ou ki fòse l rete san volonte l, pi devan ou pral peye sa chè.
Nou tout ap kleyonnen “we need help for Haïti”. Ki moun n ap tann vin ban nou èd la? Moun k ap detwyi nou yo?
Pa kenbe desten nou nan men nou, ranse nou bezwen èd, n ap fini trè mal. Nou kwè nan syla nou pat dwe kwè yo.
Pito nou kleyonnen, Ayisyen reveye n.
Ou kite fanm ou te ansent lan ap soufri pou manje, afeksyon… ak pitit la epi ou al pran yon lòt fanm ak pitit w ap ba yo afeksyon an gwo, rele yo ma fille, mon fils.
Kounouye a ou panse ou se moun wi. Ki tip 2 moun ou ye la?
Mwen nik rete mwen santi mwen anvi di w bonjou!
Mwen anvi mande w kijan ou ye?
Konnen kijan nwyit la te ye pou ou?
Kijan jounen w kòmanse? èske ou manje?
Kijan aktivite yo ye? èske moun kote w la kè pou ou?
Eske ti moun yo an sante? èske ou pa fatige?
Kòm si ankenn dirijan Rara Léogane paka di an nou fè yon ti kanpe sou koze rara ane sa?
Nan tèt pa nou ensekirite a pa Léogane? Nou youn pa imajine nou sa malfra ka vin fè nan Rara?
An touka, mwen pa ta swete gen kriye.
Gen moun k ap wè tout bon kote nan ou, pou li viv ak ou. Gen lòt k ap pran grenn defo w genyen an pou l fè w santi ou se pi vye moun sou la tè. Malerezman anpil fwa moun ou bezwen ki pran w pou bon moun nan se li ki gade w kòm pi vye moun.
Kèk fwa yo pa renmen w vre, se jan w trete yo a yo apresye. se pa jalou yo konn jalou pou ou vre, se rayisab pou pa trete lòt moun byen.
Men yo pa gen kran yo pap di w li konsa!