14 juin 1949-14 juin 2022 safè 73 lane egzitans radyo karayib depi lap fòme ak enfòme pèp ayisyen an,nan okazyon sa #SYNAPOHA swete tout ekip la bòn fèt espesyalman PDG Patrick Moussignac pou zouti sa Li mete nan peyi a e nou swete yo kontinye nan travay Yap fe a #bònfètkarayib.
20 Mai 2011-20 Mai 2022
22ème Promotion PNH
11 zan
SYNAPOHA ap swete nou bon konba..Rete soude Youn lot Jan nou toujou fel,rete Yon model nan pran Gwo angajman pou'n Ede enstitisyon an vanse,rete toujou Yon egzanp nan aksyon sosyal yo.
Toujou nan okazyon 11eme anivèsè 22eme Promotion PNH la,@SYNAPOHA ankouraje DG PNH la panse a Grad A3 Majorité nan nou poko atèn avan menm nou fete 27 Tan PNH la.
#bonnefete22èmepromotionzoebèf
#SYNAPOHA pa tap ret endiferan nan okazyon 219eme anivèsè kreyasyon drapo nou an ki fè fyète nou kòm pèp..E ki chita sou zèpòl goch inifòm nou menm polisye ki motive'n poun kontinye batay zansèt nou yo te mennen.SYNAPOHA swete nou tout bon 219eme.
#Lunionfaitlaforce ret soude.
#SYNAPOHA voye senpati Li bay fanmi ak zanmi polisye a espesyalman BIM Kotel te afekte,lipa posib pou polisye kontinye ap tonbe anba bal Bandi konsa.
Fok polisye yo mete pye yo atè pou kwape malfwa sa yo kap simen dèy nan mitan nou.
Polisye Alexandre Clevanel 19eme promosyon Rann dènye souf Li sou kabann lopital aswè vandredi 13 Me 2022 a,polisye a pran yon bal nan Tèt nan kafou douya pandanl tapral travay lite bò 7tè yo konsa se domaj kouri lopital avel Li mouri
Yon lot pèt anko nan Ran PNH la😭.
Polisye yo montre se yon lòt fwa ankò se volonte ak ankourajman sou tout fòm ki dwe genyen,depi mesye dame polisye yo ekipe Jan yo dwe ekipe Yap fe tout Bandi kraze rak.SYNAPOHA mande direksyon jeneral PNH la yon rekonpans patikilye pou ankouraje yo nan Kad travay yo.
#SYNAPOHA wete chapo devan bakop polis Sila ki devye tantativ kidnapin bus #capitacoahline sila ke videyo yo viral sou tout rezo yo.
Se yon prèv ki montre Polisye yo ka bay rezilta,pandan nap mande pou direksyon jeneral la ogmante prim de risk BI ak inite espesyalize yo.
Pandan chita pale sa SYNAPOHA jwenn bon Jan garanti projè a pap kanpe daprè DG EPPLS la,#SYNAPOHA félisite ekip EPPLS la pou chita pale a Kote nou jwenn bon Jan enfomasyon sou projè a pandan nap rete veyatif nan defann enterè polisye nou yo.
Pa lontan yon vizit ap fet sou sit la.
Yon delegasyon #SYNAPOHA chita pale matin Jedi 28 Avril 2022 a avèk direktè EPPLS la Yvon Buissereth, rankont la te baze sou konstriksyon vilaj polisye yo nan Delma 33 .Daprè DG a projè a pa kanpe men akoz problèm ensekirite ak lot anko fè yo paka vanse Jan yo te prevwa sa.
Li pa posib pou #leta fonksyone konsa!Se toujou an pompye.
Sepou Tèt sa #synapoha ki la pou veye e defann polisye nou yo, pral chita pale avek DG EPPLS la pou konn ki swivi ki fet nan projè vilaj polisye yo avan yo anvayi espas Sila ki deja batize non yo.Fè synapoha konfyans.
#SYNAPOHA pap dakò pou polisye kila pou pwoteje ak sèvi popilasyon an ap pase pa rak bwa pou al bay sekirite nan yon lot espas ki sou menm teritwa! Anplis pou polisye ap sipliye lot enstans pou mande yon ti pasaj sou dlo pou yo ka ale travay pou responsab pa mete absan pou yo.
Nou!#SYNAPOHA misyon nou se veye tout Sak nan enterè polisye nou yo.Konsa Yap ka bay bonjan sevis nan enterè popilasyon an.Nou PAP bliye bel projè Sila!Nap mande EPPLS bonjan eksplikasyon sou konstriksyon vilaj polisye yo,paske depi aprè lanmo injenyè Ferry cave tout bagay kanpe.