Tèk Òpdet se yon platfòm ki enfòme ou sou tout sa ki gen rapò ak teknoloji. Nap pote pou ou tout dènye enfòmasyon sou nouvo pwodui ak evolisyon nimerik.
#Meta leve dra sou nouvo kas VR/AR li a kel rele Meta Quest Pro.
Dapre konpayi a, kas sa ki pi pisan ke Quest 2 a ki soti nan lane 2020, ta sipoze pèmèt moun kap itilizel yo fè yon pi bon eksperyans nan #Metaverse la. US$ 1,500 se pri pou w ka rache kas paw la nan men Meta.
Peyi La Risi ajoute Meta (Facebook) nan lis òganizasyon teyoris yo.
La Risi te deja desitire moun itilize Facebook ak Instagram nan peyi a depi Mas apre li kòmanse nan gè ak peyi Ikrèn. Men anpil moun nan peyi Risi yo te kontinye itilize pwogram sa yo gras ak pwogram VPN yo.
Ou pran anpil risk lè ou entale YoWhatsapp sou telefòn ou.
Dapre yon rapò konpayi antiviris #Kaspersky soti, ta sanble ke aplikasyon sa ta gen yon virus ladan ki kapab pran kontwòl vrè pwogram Whatsapp ou a, kote ke li kapab gen aksè ak mesaj ou yo ak voye mesaj san w pa konnen.
#Twitter ap sibi yon pàn nan moman an la, ak enkapasite pou kèk moun fè yon tweet. Men, rezo sosyal la piti piti ap retounen nan itilizasyon nòmal dapre sa rezo sosyal la fè konnen, paske yap travay pou yo rezoud pwoblèm nan prese prese.
#TekOpdet
#Twitter ap teste kapasite pou chanje vitès lekti videyo yo nan nivo tweet la. Ou ka oswa akselere oubyen ralanti lekti yon videyo gras ak nouvo opsyon sila.
Tès la konsène moun ki gen android yo pou kounya ak vèsyon òdinatè a. Tès sou aplikasyon iOS la pral fè pita.
#TekOpdet
Corning Gorilla Glass Victus+ sou devan ak dèyè. Sa a pèmèt pou pi bon rezistans an jeneral, swa pou reziste plis kont bagay ki ka grave oswa kont tout likid.
#TekOpdet
#Samsung anonse ofisyèlman nan konferans "Unpacked" li yo nouvo smartphone vedèt li yo, Galaxy S22 ak S22+. Gen plizyè amelyorasyon nan telefòn yo, sitou pou ekran an.
Galaxy S22 ak S22+ pataje plizyè karakteristik teknik. 2 smartphone Samsung yo gen dwa ak "processeur
lajè ang (f/1.8), 12 megapiksèl ultra-gran ang (f/2.0), 10 megapiksèl (f/2.4) teleobjèktif lantiy ak zoom x3, epi yon kamera 10 megapiksèl devan pou sèlfi (f/2.2).
Tou de telefòn yo gen dwa tou ak "Armor aluminium" (aliminyòm ranfòse, yon premye pa sou gam Galaxy S la) ak
Enfòmasyon plis pase 1,3 milyon itilizatè #Clubhouse nan lari. Enfòmasyon sa yo disponib sou yon fowòm ke pirat enfòmatik yo konn pale antreyo. Men konpayi an vle fè itilizatè li yo konnen ke se pa pirate yo ta pirate sèvè enfòmatik li yo.
#Facebook kòmanse deplwaye dènye vèsyon aplikasyon mobil li a sou #iOS ak #Android pou li pote dènye nouvote li a ki se #DarkMode. Se pa tout moun ki ko jwenn dènye vèsyon sa, men lap rive pou tout moun nan yon tan ki pa long.
Konpayi #Apple anonse jodi a yon nouvo prezantasyon ki dwe fèt madi 10 Novanm sa, a 1:00 nan lapremidi. Sa a se 3e ki pral fèt nan twa mwa. Apple espere revele òdinatè Mac li yo ak pwosesè ARM "Apple Silicon" yo nan reyinyon sa a.
Anfen #Sony devwale PS5 li an ki te sipoze prezante deja. Yon dizay tou nèf, yon stil ki sanble soti nan lavni. 2 vèsyon ap disponib, youn kap pran cd, lòt la ap ka pran jwèt yo sou entènèt. Yo pa pale de pri ni youn ni lòt, men yo fè konnen li ta sipoze disponib nan fen lane sa.
#Twitter ap teste yon nouvo opsyon nan aplikasyon android li a. "Pataje yon atik ka deklanche yon konvèsasyon, se konsa ou ta ka vle lil anvan ou tweet li," Se konsa, nenpòt moun ki retweet yon atik yo pa te li pral envite yo louvril nan lide pou yo li atik la avan yo pataje li.
@GroupeSogebank ak #MonCash@DigicelHT ap prezante ou demen 12 Jen an a 10è nan maten yon nouvo fason ou ka fè tranzaksyon soti sou kont Sogebank ou ale sou kont MonCash ou. Sonje ke ak MonCash ou deja kapab achte sou entènèt epi peye sou telefòn ou. Pa rate live sa !!
👇🏽👇🏽👇🏽
#Motorola devwale telefon RAZR(2019) li a, yon telefòn ke anpil moun tap ret tan. Ekran ki ka pliye an 2, lèktè anprent, 6GB RAM ak 128GB stokaj pou site sa yo sèlman. Lap disponib nan magazen #Verizon an premye jou kap 9 Janvye 2020, ou ka kòmande li sou entènèt depi 26 Desanm.
#ÒPDET. Yon opsyon ki rele "Catalogs" pral parèt sou #WhatsAppBusiness kote machann ka tou senpleman mete pwodwi sou pwogram nan ak deskrisyon, foto, pri ak kòd pwodwi a. Pou achtè potansyèl yo, lè sa a, lap posib pou kominike dirèkteman ak komèsan an a atravè aplikasyon an.
#ÒPDET📱#WhatsApp deside bay moun kap itilize pwogram sa plis opsyon. Nan dènye vesyon ki gen poul soti a, yon moun ap ka chwazi kounya ki moun ki gen dwa ajoute li nan yon #GroupWhatsapp. Swa "TOUT MOUN", swa "TOUT KONTAK" ou, swa "TOUT KONTAK, SOF...". Eske wap renmen òpdet sa?
🐞#VIRUS: Yon viris ki rele #Xhelper sou #Android ta vle se premye viris ke konpayi kap fè antiviris yo tankou #Symantec di ke yo pa ko jwenn mwayen pou yo elimine, paske viris sa ta sanble menm lè ou ta "reset" telefòn nan tankou li te tou nèt, li rive rejenere tèt li kanmenm.