🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹
Ou ka ekri lejann pa w la
sou gwo paj listwa
San w pa chifonnen
ni tan ki ale
ni tan k ap vini
Si w vle ou kapab make non w nan liv lavi a
Ou ka kite tras ou sou chemen pèseverans ak detèminasyon
san w pa mache prese
san w pa dechire twal rekonesans
Paske make listwa w nan listwa
pa yon kous ni kont pèsonn ni kont òlòj
Se pa yon batay pou fè moun wè ou
Men se kouri pou w depase pwòt tèt ou nan tout limit ou
Se koule san kanpe tankou larivyè
ki pran tan l pou grave lenfini sou wòch
san l pa kraze yon moso an miyèt moso
Ekri memwa w avèk pasyans
kote vizyon w kapab depase
pwent je moun k ap gade
Paske mo ki ap dire lontan
se mo ki chita sou fondasyon rèv ou ak reyalite anndan liv lavi pa w
Fè yo tande vwa w
san w pa bezwen kwense eko lòt moun
Kite anprent ou sou tout sa w manyen
Konsa ou va grave egzistans ou
avèk mak ki p ap janm efase.
#Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽
Rencontre du DDEC, accompagné du coordonnateur des EFACAP du Centre et des représentants de chaque sous-réseau du REM (Sommets Éducation, BDEH et EFACAP de Mirebalais), à l'EFACAP de Mirebalais le 18 mars 2025.
Le nouveau DDEC, Antonio Wilson, a rencontré pour la 1ère fois, le 14 mars 25, les inspecteurs, directeurs d'EFACAP, CP dans le Bas Plateau, à l'EFACAP de Mirebalais. Il était accompagné de ses adjoints et du coordo. dép. de l'UCEFACAP afin de s’informer des défis du secteur.
Les encadrant·e·s pédagogiques de la FONHEP et les CP des EFACAP du Bas Plateau coaniment une formation sur l’approche par compétences pour les enseignant·e·s du deuxième cycle du fondamental dans le cadre du projet Avni Nou 2.0, à l’EFACAP de Mirebalais, du 4 au 7 mars 2025.
#AYITI_Fòmasyon: Resètifikasyon Konseye Pedagojik Gran Nò ak Gran Sid, sou Zouti "#Teach_Primary"
(#Ansèyman_primè)
@MENFP_Education nan tèt kole ak patnè li #Bank_Mondyal òganize yon seri fòmasyon resètifikasyon atravè Inite Kòdinasyon Nasyonal #EFACAP YO (@UCEFACAPMenfp) an fransè, pou Konseye Pedagojik (#CP, an fransè) nan Gran Nò a sou zouti ki pote non "#Teach_Primary" an anglè. Fòmasyon sa a ki te demare jounen madi 18 fevriye a rive nan bout li jou vandredi 21 fevriye 2025 la.
Aprè seyans pou 4 premye depatman yo : Sant, Latibonit, Nò ak Nòdwès. Konseye Pedagojik ki soti nan Grand Sid ak Nòdès benefisye fòmasyon an tou soti samdi 22 pou rive lendi 24 fevriye 2025 la.
Tout #CP ki te patisipe nan sesyon fòmasyon sa a pase tès fòmasyon an avèk siksè. Seri fòmasyon sa yo vize bay #CP yo plis zouti pou kolekte done sou teren nan lekòl yo. Objektif final la, se ranfòse kapasite Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pou pran pi bon desizyon estratejik ki kapab kontribye nan transfòmasyon edikasyon nan peyi a.
@MENFP_Education
#Bank_Mondiale
@UCEFACAPMenfp
#Konseye_Pedagojik
#DDE_Nò
#DDE_Sid
#CFEF
@RTE_Menfp
Formation de recertification des CP du Grand Nord sur Teach Primary, du 19 au 21 fév 25, à Villas CODEVI, de l'autre côté de la frontière. Tous ont réussi le test avec un score de 100 %. Cette recertification leur permet de collecter des données dans leur grappe d'écoles sous peu
Clôture de la formation à l'intention des enseignants sur la didactique de l’oral, organisée par la FONHEP (Projet Avni nou 2.0) à l'EFACAP de Mirebalais et animée conjointement par les encadrant·es de la FONHEP et les CP des EFACAP de Mirebalais et de Lascahobas.
Participation de la coordination départementale des EFACAP du Nord-Ouest, le 24-10-24, à la table de gestion districtale organisée par le BDS de Jean Rabel, visant à présenter le bilan de ses activités et les perspectives pour 2024-2025.
Visite d’encadrement conjointe des CP du Réseau des Écoles Modèles (REM), constitué de l'EFACAP de Mirebalais, de Sommets Éducation et du BDE, à l'École Comm. de St François d'Assise de Corporant, le 22-10-24, dans le but d'uniformiser les techniques de coaching pédagogique.
La formation des encadrant·e·s pédagogiques de la FONHEP et des CP des EFACAP de Mirebalais et de Lascahobas, dans le cadre du projet AVNI NOU, se déroule à la veille de la rentrée scolaire 2024-2025.
Présentation d'un calendrier de visites conjointes des Conseillers pédagogiques des réseaux EFACAP, BDEH et Sommets Éducation en vue d'avoir un encadrement pédagogique unique dans le Plateau Central.