Nan epòk sa n ye la, gen twòp moun ki bliye yon bagay esansyèl ki se : kreyasyon mande kouraj, sesi anpil kouraj! Li pa fasil pou yon moun soti nan tèt li, pran risk, met yon vizyon sou tab epi ekspoze l devan tout moun.
Mwen pèsonèlman, m fè pati moun ki kwè nan valorize efò ak kreyasyon, Yeah! Ou ka pa renmen sa yon moun fè, sa nòmal… men respè a pa opsyonèl.
KREYE PA T JANM FASIL.
Jodi a n ka di klèman Baky fè yon mouvman ki pa piti ditou, Li pran yon risk ke anpil lòt RAPÈ pa t janm pran, Li kraze yon baryè, li eseye yon lòt direksyon.
WI, SE YON GWO BAGAY POU RAP KREYÒL.
Avanse pa t janm vle di ret menm jan🫡
Evolisyon pa konn nan mande pèmisyon📈
Men n konn kijan kritik yo toujou ye e pral ye… gen moun ki pral di:
li pa t sòldawout, “Li pa rapè ankò”, “sa pa rap”, bla bla bla…
Men kesyon an se:
Depi kilè yon atis oblije ret fèmen nan yon sèl bwat?
Lè Drake ap chante, lè Akon te konn melanje estil, lè gwo atis entènasyonal yo ap eksplore lòt sonorite… yo rele sa versatilite, evolisyon, jeni…
Men lè se lakay pa nou, n vle met limit.
Yèswa m te wè 🔥
Yon risk☑️
Yon vizyon🧠
Yon etap pou fè mizik ak Rap kreyòl avanse📈
Toujou sonje sa!
San moun ki pou pran risk, pa gen okenn mouvman ki janm grandi…
GOOD JOB BAKY🔥
Men w p ap kouri non Bro! Sa se bif pa m avè w😐
4 lane apre, li klè: @realbakypopile pa pran risk ankò.
Sa ki fèt aswè a pa t jis yon show. Se te yon deklarasyon.
Yon konfimasyon li se yon gwo atis, ak yon fanbase solid k ap pouse l antre nan yon lòt dimansyon.
Gwo sal. Gwo konsè. Bèl show nan estanda global.
Yon nouvo chapit kòmanse. 🔥
Randevou New York — Brooklyn Paramount 🇭🇹✨🦅
@vagabond4lifee Pks nou Oblije pran youn ki t gratis 🤣🤣🤣🤣🤣 Pam lan te peye Antouka
Kot nan sa la nou bezwen bay atis nou limye la 🤷🏾♂️ pks nou pa fe komsi nou pa okouran de sa Baky ap fe e komsi se fan 286 nou ye 🤣🤣🤣🤣🤣