@dennly109 M ap swiv ou e mwen vrèman apresye jan w mete w disponib pou w chèche e pataje ak nou bon enfòmasyon sitou sa ki konsène pwogram Biden nan. Mwen ta renmen w ou kontinye fouye pou nou konsènan natiralizasyon pou timoun ki antre USA nan pwogram nan. Mèsi deja
@LuckNews88@CBP@LuisMiranda Mèsi anpil pou jan w toujou ap pataje enfo yo ak nou. Mwen ta renmen w chèche enfo pou nou sou kijan yon timoun ki vwayaje nan pwogram Biden nan ka chanje nasyonalite li? Yo te di gen posiblite sa pou timoun yo. Mèsi deja
@touwillchinwa Mwen wè plizyè video sou tiktok kote moun yo ap di si yon paran te ale nan pwogram nan epi li te kite yon timoun anba 18 lane, li kapab non sèlman aplike pou li men tou li k vin chèche l. Mwen t ap renmen ou di m plis si se ta vre. Mèsii
#Resources: Eske #Tijan gen entènèt pou li fè devwa li yo? Eske w gen bon entènèt pou swiv klas “online” ou yo? Moun ki te vini ak timoun , moun ki poko gen entènèt mwen gen komisyon pou nou:
Avan tou, mwen pap fè pibliste men map fè nou pwofite de yon bon sèvis daprè esperyans anpil moun.
✔️ Si w vini ak timoun sou pwogram lan ou kalifye pou “Internet Essential “.
✔️ Si w vini pou kò w tou gen anpil chans pou kalifye, si w poko travay si w poko fè anpil lajan.
✔️ Si w te la deja tou, li posib pou w kalifye ou petèt pat konnen oubyen w pat jwenn yon post konsa pou gide ou.
✔️ Internet essentials gen yon entènèt pou ou, 50/10 Mbps. Ou konn sa sa vle di?
Ak 50/10, (50 telechaje, 10 chaje), ou kapab web browsing, Streaming, Gaming, Video conferencing, File downloading, ou ka fè tout bagay ak li, ou kapab konekte san pwoblem jiska 10 “devices ”.
✔️Jan m te di l piwo an, ou jis bezwen genyen yon timoun ki lakay ou nan pwogram National School Lunch Program (NSLP), kelkeswa li te Lekòl piblik, prive, public, charter oubyen yon lekòl religye.
✔️ Pa bliye m te di sa tou, depi ou pa touche anpil kòb ou kapab kalifye pou genyen entènèt sa ki koute $9.95 tout kote ki genyen Comcast.
✔️ Klike sou lyen sa 👉 https://t.co/RFasRwTeEw kòmanse aplike, kote w kole fè m sign, si w se yon #follower ki aktif tankou @Le_parolier1 map gide w plis.
𝐍𝐨𝐭𝐞 𝐬𝐚, 𝐬𝐢 𝐰 𝐟è 𝐚𝐩𝐥𝐢𝐤𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐧 𝐣𝐨𝐝𝐢𝐚 , 𝐧𝐚𝐧 𝟓 𝐚 𝟕 𝐣𝐨𝐮 𝐛𝐢𝐳𝐧𝐢𝐬 𝐨𝐮 𝐝𝐰𝐞 𝐣𝐰𝐞𝐧𝐧 𝐲𝐨 𝐟𝐢𝐧 𝐞𝐧𝐬𝐭𝐚𝐥𝐞 𝐥 𝐩𝐨𝐮 𝐨𝐮.
#Bonus: Anpil moun poko pran telefòn, mwen konprann sa men ak menm entènèt sa, wap jwenn “Wifi hotspots “kelkeswa kote ou pase ki gen @Xfinity yon mwayen pou w ka toujou itilize telefòn ou genyen an menm lè w pa lakay ou. (Limited).
Ou twouve post sa itil?
Fwa sa aprè w fin repost, lage l nan kèk gwoup #WhatsApp ak #telegram , wap kapab ede plis moun.
#Comcast #Internet #Haiti