📣Dosye Jovenel Moïse : jan sa te prevwa, Joseph Vincent admèt li te patisipe nan divès reyinyon, an Ayiti🇭🇹ak nan Florida🇺🇸, pou te planifye asasina ansyen Prezidan an. Vincent ki se yon ansyen enfòmatè DEA, plede koupab devan yon tribinal federal nan Miami, jodi madi 5 Desanm 2023 a. Joseph Vincent ki gen 58 lane sou tèt li, riske pran prizon avi, daprè sa dokiman jidisyè yo presize. Li se 4e sispèk ki nan prizon Etazini ki plede koupab. Li se tou premye Ameriken, dorijin Ayisyèn, ki dakò li te jwe yon wòl nan lanmò Jovenel Moïse.✍🏾Sous | @MiamiHerald
🔴#PwogramBiden : Nou di sa souvan ak divès moun an PRIVE. Jodi a nou vle di sa an PIBLIK. Ke li bò kote sponsò, ke li bò kote benefisyè, depi gen KORIPSYON, ap gen konsekans nan toulède kan yo. Mwen okouran gen anpil moun Ayiti, se yo kap fòse moun Etazini rantre nan demach sa. ATANSYON ! ATANSYON ! Pito w mize nan wout, ou pot bon nouvèl. Tweet sa a, se yon KONSÈY ! Ou ka pran l, ou ka pa pran l. Sèl sa map raple nou, otorite yo kwaze pye yo yap gade nou. Pa bliye, anketè bò isi🇺🇸pa janm prese. Yap aji lè yo fin gen tout eleman nan men yo.
Li lè li tan pou bagay sa yo sispann flannen sou etajè makèt ak boutik Ayiti. M pako janm wè yon byè Prestige nan yon makèt oswa yon colmado dominiken. Pa gen okenn rezon pou nou trete yo pi byen pase jan yo menm yo trete nou. An nou konsome lokal!