Abit somalyen an, Omar Artan, FIFA te chwazi pou ofisye pandan Koup Dimond 2026 la, pa rive jwenn otorizasyon pou antre sou teritwa ameriken an malgre yo te deja chazwi l pou konpetisyon an. Daprè plizyè medya entènasyonal, otorite ameriken yo te voye l retounen touswit apre li te rive nan peyi a.
#WC26
Nya Jean-Baptiste ofisyèlman Grenadyè !🇭🇹
Avan menm li gen 17 lane, Nya Jean-Baptiste reyisi fè premye pa li avèk ekip nasyonal senyò feminen an nan kad match zanmitay seleksyon an jwe jodi lendi an fas Gine Ekwatoryal.
Defansè entènasyonal U-17 lan te rantre nan plas Milan Pierre Jérôme nan dènye kadè match la aprè yon chòk ki te anpeche l kontinye.
Nya Jean-Baptiste ki sou dezyèm rasanbleman l avèk medam Grenadye yo, finalman jwe sou koulè ekip nasyonal lan. Yon fason pou l swiv tras papa l Gilbert Jean-Baptiste ki te fè sa avan li nan kòmansman ane 2000 yo.
Sou lòd Pia Sundhage, jèn defansè 16 lane an kòmanse yon avanti ki pwomèt anpil avèk bò kote l yon latriye jwez eksperimante tankou Melchie, Nerilia, Amandine, Claire Constant, pou n site sa yo sèlman.
N ap note, Seleksyon ayisyèn lan genyen Gine Ekwatoryal (3-1) gras ak Melchie ki fè yon double epi Lourdjina Etienne ki fè lòt gòl la.
Fè mesaj la jwenn Woodensky Pierre 🔥🇭🇹
GolAyiti te gen plezi pou pran enpresyon fanatik yo sou lis 26 jwè Ayiti Seleksyone pou mondyal 2026 lan.
Daprè Benito Jean, mitan tèren Violette Athletic Club lan ap fè gòl nan Koup dimond lan.⚽
Woodensky Pierre reponn kritik sou dosye abiman li an
Nan yon kontèks kote Leta ayisyen ap onore Grenadye yo ak gwo prim aprè kalifikasyon istorik yo pou Mondyal 2026 la, prezans yon jwè nan seremoni ofisyèl la te make lespri moun. Se te Woodensky Pierre ki t ap reprezante Violette AC, men aparisyon li te rapid vit vin tounen sijè diskisyon sou rezo sosyal yo akoz fason li te abiye.
#LHF #FHF #VioletteAC
https://t.co/Zmge2CUqui
Batcheba Louis : youn nan gwo absan rasanbleman Grenadye yo nan Gozye
Nan kad preparasyon pou de pwochen match eliminatwa CONCACAF pou Mondyal feminen 2027 lan, Batcheba Louis absan nan lis 24 jwez Pia Sundhage konvoke pou rasanbleman sa k ap fèt nan lakou Gwadloup.
Atakan Birmingham City an ki se yon abitye nan ekip nasyonal la depi plis pase 10 lane, se prensipal absan rasanbleman sa k ap sèvi pou prepare match Grenadye yo ap gen pou jwe demen jedi an kont Angiya epi fas Repiblik dominikèn 17 avril k ap vini la.
Daprè enfòmasyon ki disponib jiskaprezan, absans Batcheba Louis nan rasanbleman sa se ta akoz kèk pwoblèm pèsonèl jwez lan ta pwofite jere pandan trèv entènasyonal sa.
Avèk seleksyon ayisyèn lan, Batcheba Louis se meyè bitè listwa Grenadye yo parmi jwez k ap jwe yo. Pia Sundhage pral konpanse absans sa avèk Brittany Raphino ki se youn nan nouvo ki rive nan seleksyon an.
N ap note, seleksyon ayisyèn lan pa gen prezans Dayana Pierre-Louis, Melchie Dumornay epi Kéthna Louis ki pa rejwenn rasanbleman ekip nasyonal la nan Gozye pou divès rezon.
#ConcacafW #FHF #Grenadye #FifaWoman
Joaquin Panichelli se yon atakan ki ta pral fè Ajantin anpil byen pandan mondyal la!
Malerezman, atakan RC Strasbourg an fè yon ligaman kwaze ki pral mete l deyò tèren pou yon bon bout tan.
Nan yon moman kote titilè nou abitye wè yo tankou Alvarez epi Lautaro pa nan bon fòm yo nan klèb, Panichelli te parèt kòm yon altènativ fyab.
Jèn atakan ajanten an blese pandan trèv la, alòske l te kòmanse viv Youn nan pi bèl moman nan karyè l, ki se te pote koulè mayo Albiceleste an. Nan konferans pou laprès, seleksyonè ajanten an, Lionel Scaloni, pa t ka kenbe dlo nan je l nan moman li t ap pale sou blese sa ki choke pratikman tout ekip lan.
Fòs a jwè sa ki se yon atakan nan tout dimansyon pòs la.⚽
🚨Federasyon ayisyèn foutbòl (FHF) anonse byen bonè jodi lendi an patenarya ofisyèl yo genyen avèk Coca-Cola epi Couronne ki chwazi akonpanye seleksyon nasyonal lan ki pral gen pou jwe Koup Dimond ane sa nan Amerik Dinò a.
Ayiti tonbe pou Premye match Amikal li fas Tinizi. Grenadye yo te ankese yon gòl depi nan premye peryòd la, Sebastian Tounekti se inik bitè match la.
Danley Jean-Jacques te pran katon wouj nan tan adisyonèl yo sou yon aksyon danjere Tinizi t ap mennen.
Wilson Isidor te rantre nan 2èm peryòd la pou onore premye Seleksyon l ak Grenadye yo.
#Golayiti #Grenadyealaso #FHF #Wilsonisidor
Josué Casimir se te san diskisyon meyè jwè Ayiti pandan match la!
Atakan AJ Auxerre lan te sou pratikman tout bon kou yo avèk Grenadye yo.
Malgre Grenadye yo pèdi match la, pèfomans global ekip la montre gen espwa pou n ta fè yon bèl figi nan Koup dimond 2026 lan.
🚨Nouvo antrenè seleksyon nasyonal fanm lan, Pia Sundhage, rive jodi vandredi an nan Paramaribo pou prepare pwochen match Grenadye yo fas Sirinam nan kad eliminatwa CONCACAF pou mondyal feminen 2027 lan.