Sou dosye Azil la men yon lis rekòmandasyon/konsèy mwen vle pote pou nou.
1) Tanpri ale regade fòmilè I-589 ou a. Ale verifye si tout bagay te byen ranpli soti nan dat ou fèt sou ostwa imigrasyon ou. Si pa gen anyen ki manke oubyen te mal ranpli pou ta pote koreksyon avan li twò ta
2) Menm si apre 2 mwa a règ la ta vin tou efektif, ou pa bezwen pè aplike pou azil la depi ou kalifye pou li. Men si objektif prensipal la se te aplike jis pou ka genyen yon kat travay epi fonksyone, ou mèt tou kanpe la. Sa pat janm legal pou fè epi sa te toujou konsidere kòm yon fraude pou aplike pou yon bagay ou konnen ou pa kalifye pou li epi bay manti pou vin kalifye pou li.
3) Moun kap fèn peye pou ranpli fòmilè I-589 yo oubyen ekri istwa imigrasyon pou nou, asire nou ke nou mansyone yo nan fòmilè a kòm « preparer ». Li baw on fòm pwoteksyon. Kijan? Lè moun sa yo ap edenn ekri istwa, sa ka rive fòma, jagon ak langaj yo itilize yo sinonim nan tout dosye yo asiste moun. Sa ki ka soulve sispisyon nan bò USCIS sil santi istwa a son istwa idantik oubyen sanble ak on template yo wè deja. Ki ka rantre tou dirèk anba sispisyon fwod. Yo ka panse ou volontèman chwazi pa mansyone yon moun ki pa fanmiw ranpli dosye ou pou ou. Konsa tou si gon bahay ki te mal ranpli epi epat fòt ou, ou ka toujou di se asistans oubte resevwa.
Pou « preparer » yo, konnen li enkli anpil risk lè ou pa mete enfòmasyon ou sou fòmilè moun nap ede. Sitou lè de en echanj lajan. Yon sèl dosye ka lakoz ou sou envestigasyon pou move pratik.
4) Pa rate okenn entèvyou oubyen menm randevou pou fè biometrik. Yo ka itilize sa kont ou
5) Si ou te aplike lontan pou azil men kounyan tout afèw regle ou gen rezidans, sonje anile demande lan. Si ou pa fè sa dosye a ap toujou rete ouvè. Pa jis rete ap inyore randevou oubyen kominikasyon ki lye ak sa.
6) Prepare entèvyou nou yo. Li plis ke enpòtan kounyan pou asire nou kenn metrize kronoloji istwa Azil nou ak jan nou dwe reponn de seri de keyon. Sinn gen yon avoka ki te edenn ranpli fòmilè a epi voye li ale, li ap kapab edenn ak sa. Sinon chache lòt moun ki ka edenn. Men pa ale san preparasyon nan entèvyou yo.
7) Fè anpil pridans ak rezo sosyo yo, sa nap pataje epi fason nap konpòtenn. Ni nan lari ak nan antouraj nou ak sa nap di.
8) Pa al rantre nan okenn aktivite ki pa sa pandan nap tann nou pase devan yon jij. Yap analize dosye yo ak aktivite yo pi pre kounye a.
@GeurlinC@LuckNews88@nytimes Nou konprann ou men ou frustrese pa sou jounalis lan pou pase colere ou, journal Americain lage nouvel lan deja bann mechan
#Immigration : Timoun yo pa sispann bloke nan #Airport lan daprè yon dènye #Update mwen resevwa, anpil nan yo poutèt papye ki pou otorize yo deplase ak granmoun yo pa kòrèk.
✔️Pa bliye timoun mwens pase 18 an pa kapab vwayaje pou kont yo nan pwogram #Biden lan.
✔️ Pa bliye tou si se pa manman ak papa ki ap vwayaje ak li fòk yo gen yon gadyen ki otorize pou fè sa.
✔️ Sonje tou, wap bezwen papye legal ki montre timoun lan sou kont gadyen an.
✔️Li enpòtan pou konnen sa mande pou paran fòme yon konsèy fanmi, jwenn yon jij bay/siyen otorizasyon an pou timoun lan kapab deplase.
✔️Raple nou tou papye a dwe tradwi an anglè.
✔️Sonje tou papye afè sosyal yo enpòtan pou sipòte timoun lan pou li pa bloke si li pa ak paran li.
✔️Pou paran ki ap vwayaje ak timoun, pa bliye pwosès lan kòmanse depi lè wap kreye kont #USCIS lan, fòk ou mère timoun lan kòm gwoup. Epi itilize menm kont ou an pou tou fè #CbpOne.
👉 Ou menm ki li “post” sa raple w byen chak ou “repost” li ou ede yon lòt konprann pwosès la po byen epi ou evite yo bloke yon timoun depi #Airport.
Le Président du Salvador @nayibbukele a déployé mardi 7,000 soldats et 1,000 policiers pour encercler la région de Canañas afin d’arrêter les bandits . “Le blocus militaire de Cañanas se poursuivra jusqu’à l’extraction des bandits “déclare le Président Bukele .#RFMINFO
Mwen konstate nan kesyon #PwogramBiden nan depiw pa fè tweet pou kreye sansasyon,fè buzz,oswa pou di moun yo men kisa pou yo fè pou #USCIS konfime case yo a,yo pap okipew,mwen menm si se pou fè buzz ak sansasyon mpa bezwen moun swiv mwen paske mpa gen tout odas sa poum di Tenten nan figi moun 🫶🏼
Mwen konstate nan kesyon #PwogramBiden nan depiw pa fè tweet pou kreye sansasyon,fè buzz,oswa pou di moun yo men kisa pou yo fè pou #USCIS konfime case yo a,yo pap okipew,mwen menm si se pou fè buzz ak sansasyon mpa bezwen moun swiv mwen paske mpa gen tout odas sa poum di Tenten nan figi moun 🫶🏼
@promonews3 Case confirmed in the Name of JESUS 🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙌🏽
Case confirmed in the Name of JESUS 🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙌🏽
Case confirmed in the Name of JESUS 🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙌🏽
Case confirmed in the Name of JESUS 🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙌🏽🙌🏽
#PwogramBiden#Alèt ‼️🚨🔔Gen yon enfo kap Sikile sou rezo a depi kèk jou mwen te chwazi pa di anyen sou sa men mwen twouvem nan obligasyon pou mwen di yon mo sou sa, se byen malere gen yon seri de raketè tou plim,tout plimay kap pwofite de inyorans moun yo, yo vini ak yon kesyon depi ou gen anpil jou #USCIS poko reponn ou gen mwayen pou w «BOOSTER» Case ou a pouw ka fè #USCIS konfimew pi rapid,se pa vre #USCIS pa gen okenn reprezantan kap kontakte ni sou Facebook,ni sou Tik-Tok,ni sou Twitter etcc,gen moun ki menm rive bay anpil lajan nan bagay sa,sak di nan sa yo menm voye #imèl ba ou menm jan ak #USCIS map atire atansyon gran piblik la sou derive sa,pa pataje numero Case ou ak okenn moun sou rezo sosyo sou baz yap Booster Case ou pou ou,siw viktim de sa alète USCIS https://t.co/z6dsh89cQq
Alòske bilan pasyèl @Pwoteksyonsivil pale de 15 mò pou tout peyi a, Majistra Leyogan nan Ernson Henry di yo gen 17 moun ki mouri, plizyè milye moun sinistre. Majistra fè konnen 7,700 kay inonde, 2,500 bèt ale. Dampus, Cité Calebre, Ça-ira, Pandoue…se pami lokalite ki plis touche
#𝐁𝐮𝐬𝐢𝐧𝐞𝐬𝐬𝐦𝐨𝐝𝐞 : Jodi a nou ka fè lajan kelkeswa kote nou ye, menm lè nap wonfle nan kabann nou nou ka fè lajan. 𝐌𝐞𝐧 𝟕 𝐦𝐨𝐝è𝐥 𝐛𝐢𝐳𝐧𝐢𝐬 𝐤𝐢 𝐤𝐚 𝐞𝐝𝐞 𝐨𝐮 𝐟è 𝐥𝐚𝐣𝐚𝐧 𝐬𝐢 𝐨𝐮 𝐣𝐢𝐬 𝐚𝐩𝐞𝐧𝐧 𝐯𝐢𝐧𝐢 𝐧𝐚𝐧 𝐄𝐭𝐚𝐳𝐢𝐧𝐢 𝐦𝐞𝐧𝐦 𝐥𝐞 𝐨𝐮 𝐭𝐞 𝐥𝐚 𝐝𝐞𝐣𝐚. 𝐏𝐚 𝐛𝐥𝐢𝐲𝐞 𝐦𝐞𝐧𝐦 𝐥𝐞 𝐰 𝐠𝐞𝐧 𝟐𝟓 𝐚 𝐧𝐚𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐣𝐨𝐛, 𝐣𝐨𝐮 𝐩𝐨𝐮 𝐲𝐨 𝐯𝐨𝐲𝐞 𝐰 𝐚𝐥𝐞 𝐭𝐨𝐮𝐣𝐨𝐮 𝐥𝐚.
Map lage non modèl biznis yo an anglè epi esplike an Kreyòl.
1. Freelancing: Ou ka ofri konpetans ak sèvis ou konn fè sou plizyè platfòm sou entènèt la epi komanse fè lajan, yon moun ki fè grafik, konekte sou Upwork, Fiverr, ak Freelancer, yo moun ki fè web devlopman, devlope aplikasyon, yo ka f�� lajan san yo pa menm deplase.
2. Dropshipping: Ou ka kòmanse yon ti boutik sou entènèt la epi kòmanse vann devan dèyèn san yo ou pa bezwen kenbe anyen lakay ou.
Ou ka sèvi ak platfòm tankou Shopify, WooCommerce, ak BigCommerce pou kreye boutik ou oubyen @web509 kapab komanse mete w sou wout la.
3. Food truck business: Kisa biznis sa ye? Li pa lòt ke vann manje, bon pate kòde, bon fritay, bon Griyo…epi kòmanse fè lajan. M konn achte nan men yon zanmi Lake Worth, m bliye nom biznis lan men msye ankourajan m toujou pran griyo nan men l, bon bagay nèt. Nan nivo msye ap pase la, li pa bezwen travay ak moun ankò, mwen gen garanti li fè ase lajan chak jou.
4. Cleaning services: Ou ka ofri sèvis netwayaj nan kay ak biznis epi fè bèl lajan. Mwen te monte yon biznis konsa pou yon kliyan New York. Li te rele m pou remesye m aprè 3 mwa, lè mwa desanm menm rive, li konn di m li pa gen men pou ranmase lajan. Jous wè l konsa, anpil moun ki ap fè fèt lakay yo pa renmen lave vèsèl, ni clean aprè yo vin enjoy yo. Sa se yon bon modèl biznis paske li mande yon envestisman minimòm ou ka kòmanse ak jis kèk kliyan.
5. Sèvis tradiksyon: Si ou pale anglè, fransè, kreyòl , ou ka ofri sèvis tradiksyon bay biznis oubyen moun ki bezwen sevis la. Se toutan map wè erè yo fè lè mwen ale nan #DMV, nan tès pou pase pou pran lisans lan, ou kapab mande pou korije pou yo epi ofri sèvis ou, pa bliye fòk ou jwenn yon mannyè pwofesyoèel pou fè sa, anrejistre biznis ou.
6. Personal training: Si ou konn fè egzèsis byen, yon bon coach , ou gen ti konesans tou nan fason pou moun kase vant, pran swen kò yo… ka vin yon antrenè pèsonèl epi ofri sèvis ou bay kliyan.Gen anpil moun ki ap chèche sèvis sa yo, komanse mete sevis ou disponib.
7. Social media management: Ou ka ofri sèvis jere rezo sosyal bay biznis, ou ka ede yo grandi prezans yo sou entènèt la. Sa se yon bon modèl biznis paske ou ka fè l kelkeswa kote ou ye a. Si w konn fè grafis, kreye kontni, konn ekri mesaj pou enfliyanse moun, ou kapab komanse fè https://t.co/BX4oZ9bGOZ pasan, si w google konbyen kob social media management peye nan Florida wap wè l $65,719. Sa w panse? Pa mal ditou.
NEXT: Koulye a mwen sot montre nou kòman pou nou fè lajan, montre yon lòt tou paske gen anpil talan kache ki pa jwenn post sa, petèt sa ka pouse yo pran dezisyon pou komanse fè Rajan.”
#business #BusinessMode #Haitian #Humanitarianparole #BusinessPro
#GoodNews: Men 7 bagay ou dwe konnen lè w vin abite #USA pou w kapab byen entegre epi fè yon bon adaptasyon: 👇
1. Aprann anglè: Anglè se lang prensipal yo pale nan peyi Etazini, kidonk li enpòtan pou aprann li pi vit posib. Pran kou, pratike ak moun ki pale natif natal, epi plonje tèt ou nan lang nan otank posib. Sa valab pou kelkeswa peyi ou ale viv la.
2. Konprann kilti a: Etazini se yon peyi ki gen anpil divèsite ak anpil kilti ak koutim diferan. Pran tan pou w aprann sou kilti zòn w ap viv la oubyen #State la, ki gen ladan règ ak prensip, jou ferye, ak tradisyon tankou jodi a ki se “Memorial Day” se yon jou fèt federal Etazini pou onore pèsonèl militè Ameriken ki te mouri pandan yo t ap sèvi nan Fòs Lame Etazini.
3. Bati yon rezo ( network) : Li kapab difisil pou ajiste nan yon nouvo peyi, kidonk li enpòtan pou konstwi yon rezo ki gen ladan l, zanmi, fanmi, ak kòlèg. Antre nan òganizasyon ki enterese w, ki kapab tann ou fò epi ale nan evènman kominote a pou rankontre nouvo moun.
Menm youn nan òganizasyon ou kapab swiv si w vini nan pwogram #Biden lan:
@haicon_Official, si w te fè azil swiv @asylumadvocacy lis la pa fini.
4. Aprann sou sistèm legal ak Lalwa: Sistèm legal la nan peyi Etazini ka konplèks, kidonk li enpòtan pou aprann sou lwa ak règleman ki aplike pou ou. Konsilte ak yon avoka imigrasyon si w gen kesyon sou sitiyasyon legal ou epi swiv kèk moun ki gen konpetans nan domènn lan ki toujou pale sou sa.
Swiv avoka sa yo: @EddyLaguerre , @frandleyjulien lis la pa fini.
5. Patisipe nan ede Kominote wap fonksyone a: Fè volontè ak patisipe nan kominote w la ka ede w santi w plis konekte ak nouvo peyi w chwazi vin viv la. Chèche opòtinite epi fè yon enpak pozitif. Ede jan w kapab , fè volontè, sa yo kapab ede w tou nan fè yon enpak pozitif.
6. Jere sante w : Etazini gen yon sistèm swen sante diferan pase anpil lòt peyi, kidonk li enpòtan pou w konprann kijan li fonksyone. Asire w ke w gen asirans sante epi jwenn yon doktè oswa yon founisè swen sante ou fè konfyans.
Moun ki kalifye nan Pwogram #Biden lan kapab aplike pou Medicaid, kontinye swiv @dennly109 pou plis detay sou sa.
7. Anbrase nouvo eksperyans lan ak tout ou menm: Finalman, ouvè a nouvo eksperyans epi anbrase opòtinite ki vini sou wout ou yo. Eseye nouvo manje, eksplore nouvo kote, epi pwofite tan ou nan #Etazini. Nan ankouraje kominote ou li enpòtan tou pou ankouraje restoran Ayisyen dabò aprè fè esperyans kèk lòt kizin.
#Next: ✔️ Kòman moun kalifye pou “Food Stamps” Eske m dwè pran èd sa? Konbyen kòb yo bay moun? Eske yo bay lajan cash vre? Eske sa gen yon konsekans sou dosye mwen?
Rete konekte @dennly109 , swiv mwen sou lòt rezo sosyal yo, anpil detay pral vini.
#𝐓𝐨𝐩𝐍𝐞𝐰𝐬: Ni mwen ni @Dawinner509 , @promonews3 , @LuckNews88 ,@lesagitairee ,@1amcarlson , nou jwenn pwoblèm sa yo souvan. Benefisyè a resevwa imèl konfimasyon an men li pa konnen. Chak lè nou fè yon tweet rafrechi memwa konsa nou jwenn benefisyè ki ba nou rezon paske yo jwenn imèl yo.
1- Premyèman, verifye ak sipòtè ou si imèl la te kòrèk, pou fè sa sipòtè a pral sou kont #USCIS li, ale nan fòm li te fil la epi lap wè si li te gen erè.
2- Verifye imèl ou byen, pran san w tyeke imèl ou, gade si w gen bon data pou fè sa, imèl ki nouvo yo tou parèt angra ak yon ti anvlòp ki poko louvri.
3-Si w pa jwenn imèl la nan inbox ou, pa rete la, ale nan #spam, anpil moun se la yo detere imèl yo. Pa vide spam nan moman sa yo ditou, pran san w pou tyeke #spam ou yo youn aprè lòt.
4-Pandan ou sou bwat ou, tou ale nan “all mail” anpil imèl enpòtan ale kache la, verifye pou wè , sa konn rive.
5-Pandan wap verifye imèl lan ou ka toujou ale sou lyen sa 👉 https://t.co/k4ULHwuEtl rantre nimewo resi an pou si ou apwouve san w pa jwenn imèl la.
Toujou paske sa konn rive se yon rezon imèl ki pa bon ki konn lakòz sa.
6- An nou di wap woule sou 100 jou ap tann imèl, m te pale sou sa déjà kote ou kapab mande sipòtè a voye yon mesaj bay #USCIS pou enfòme ou pa jwenn imèl , anpil moun jwenn chans yo la.
7- Aprè 100 jou pa gen espwa se sa w di men pa bliye gen moun ki bon sou 120 jou, sèl erè #USCIS pap janm fè se pa ba w yon repons ditou, kèlkeswa tan sa kapab pran wap jwenn yon repons.
N:B: Tweet sa kapab ede anpil moun ki neglije imèl yo, ki pa konnen fason pou ale chèche imèl yo, mwen konseye nou pataje l ak yon lòt.
#Next: ✔️ Kòman moun kalifye pou “Food Stamps” Eske m dwè pran èd sa? Konbyen kòb yo bay moun? Eske yo bay lajan cash vre?
Pa bliye mande zanmi w pou swiv @dennly109 , anpil detay nan wout.
@JohnColemMorvan Gen dosye ou konn pale ki sensible anpil mwen kontan ou devoile yo konsa pep la konn verite yo , men sa m pa dakor avek ou ou rete la Selman nan kò Martelly AK Olivier ou pa janm manyen Aristide ki te konn armé ghetto yo avan ou pa janm manyen l
#𝐓𝐨𝐩𝐍𝐞𝐰𝐬: Tout moun ki gen pou bon an pwogram #Biden lan gen pou fil fòm I-797C " pou #𝐟𝐢𝐧𝐠𝐞𝐫𝐩𝐫𝐢𝐧𝐭𝐬 "le ou la” fason.
𝙏𝙬𝙚𝙚𝙩 𝙨𝙖 𝙠𝙤𝙣𝙨è𝙣𝙚 𝙩𝙤𝙪𝙩 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙖𝙡𝙖𝙬𝙤𝙣𝙗𝙖𝙙è, 𝙠𝙚 𝙬 𝙩𝙖𝙥 ��𝙖𝙣𝙣 𝙧𝙚𝙯𝙞𝙙𝙖𝙣𝙨, 𝙤𝙪 𝙜𝙚𝙣 𝙏𝙋𝙎, 𝙤𝙪 𝙩𝙚 𝙥𝙖𝙨𝙚 𝙨𝙤𝙪 𝙛𝙬𝙤𝙣𝙩𝙮è, 𝙤𝙪 𝙩𝙚 𝙫𝙞𝙣 𝙨𝙤𝙪 𝙗𝙖𝙩𝙤, 𝙤𝙪 𝙩𝙚 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙠𝙞 𝙗𝙚𝙣𝙚𝙛𝙞𝙨𝙮𝙚 𝙥𝙬𝙤𝙜𝙧𝙖𝙢 #𝘽𝙞𝙙𝙚𝙣 𝙡𝙖𝙣. 𝙏𝙤𝙪𝙩 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙣è𝙩 𝙠𝙤𝙣è𝙣𝙚.
1- Depi ou gen randevou pou fè anpwent , tout notis yo te voye ba ou pou anpwent kelkeswa lòt estati ou genyen pote yo jou randevou a.
2-Pote yon pyès pou idantifye w ki pa espire tankou Green Card, paspò, Lisans…)
3-Toujou fè yon kopi notis lan paske yo pap baw yon copy papye randevou an.
𝐊𝐢𝐬𝐚 𝐰 𝐝𝐰𝐞 𝐚𝐭𝐚𝐧𝐧 𝐣𝐨𝐮 𝐫𝐚𝐧𝐝𝐞𝐯𝐨𝐮 𝐚𝐧?
Pa fè okenn estrès, randevou sa pa yon entevyou, yon ajan pran pran tout enfomasyon sou ou, fè siyen, ou pral sèmante tou tout enfomasyon w bay yo se laverite.
Ajan pral fè anpwent tout 10 dwèt ou yo.
Men atansyon si w timoun ou gen mwens 14 lane, yo pap mande l siyen.Yo ka sèlman mande pou ekri non yo si yo kapab oubyen yon paran kapab siyen pou yo.
Si w bezwen yon moun pou tradwi pou ou pa fè tèt cho, yon zanmi, yon avoka oubyen yon fanmi kapab akonpaye w, yo kapab tradwi pou ou.
#Next: Kisa mwen dwe fè si m pèdi dat randevou anpwent lan? Kòmante , pataje, nan yon lòt tweet wap jwenn repons lan.
𝒟o𝓇𝓋𝒾𝓁𝓊𝓈 𝐹.𝐵𝒶𝑒𝓊𝓇
Crédit vidéo : USCIS