Le peuple haïtien a pleinement droit à la sécurité, à la liberté et au respect de ses droits fondamentaux. Cela fait des années que des groupes armés ont pris une grande partie du pays en otage, imposant à des millions d’Haïtiens une terreur quotidienne : massacres, enlèvements, viols, assassinats, déplacements forcés, incendies et attaques contre les institutions publiques.
Début 2024, la capitale était pratiquement paralysée. L’accord entre Haïti et le Salvador doit être considéré dans le contexte de l’urgence sécuritaire nationale. Le respect des droits humains et la transparence doivent accompagner toute opération, mais ils ne doivent pas devenir un prétexte pour ignorer le droit des Haïtiens à être protégés et à retrouver leur liberté. La population haïtienne a aussi droit à une vie sans peur, sans terreur et sans domination des gangs.
Gen moun ki nan fon kè yo swete Bukele echwe an Ayiti, jis pou yo ka di yo te gen rezon. Paske yo menm, yo pi entèlijan pase tout moun, yo pa fè pati « ti pèp sòt » la!
Yo tèlman envesti nan pozisyon yo pran, yo ta pito wè sitiyasyon an pa chanje olye yo oblije rekonèt yon moun yo pa renmen te kapab kontribye nan yon rezilta pozitif.
E se youn nan pi gwo maladi politik nou an Ayiti: Politisyen konn plis anvi advèsè yo echwe pase yo anvi peyi a reyisi.
Se menm mantalite sa a ki fè nou konn rejte yon bon inisyativ, pa paske li pa bon, men paske se yon moun nou pa renmen ki dèyè l.
Nan sitiyasyon nou ye la a, yon Ayisyen ki mete enterè peyi a an premye ta dwe swete nenpòt aksyon ki kapab soulaje popilasyon an bay bon rezilta, san sa pa anpeche l kritike metòd yo oswa denonse abi.
Lè w rive nan pwen kote w prefere wè yon inisyativ echwe olye w wè pèp ou jwenn soulajman, se pa peyi a ki priyorite w ankò. Se ego w.
~Carel
Nèg yo sanble ap kite tout bidon vil yo la ? Leta pa gen poul antre vilaj dedye al tire ak bandi . Leta dwe kraze vilaj dedye , tout bidonvil ki bò lanmè ki sou wout nasyonal yo
Nan kad akò bilateral ki genyen ant gouvènman Ayiti ak gouvènman Salvadò a, yon operasyon konjwen ki te reyini Polis Nasyonal Dayiti, Fòs Lame Dayiti (FAd’H), Task Force la, ak Fòs Espesyal Salvadò yo reyisi pran kontwòl Estad Sylvio Cator a epi mete l an sekirite. Pandan operasyon an, nou te dekouvri plizyè zo tèt moun anndan estad la.
Kounye a, nou pral tabli yon baz operasyonèl nan estad la pou n ka kontinye avanse pi fon nan teritwa gang yo kontwole.
Kounye a, se nou ki gen avantaj sou teren an.
Mwen mande tout manm gang yo avèk anpil fèmte pou yo kite zòn nan anvan ofansiv la kòmanse.
Moun ki chwazi rete pou konbat fòs nou yo ap oblije sibi konsekans yo.
⭕️ENFO | Jounalis & Politològ Ayisyen an deside angaje li nan kous elektoral la, pou al pote yon lòt pawòl nan palman an, nan pwochèn lejislati a. Modelet Fertil deside poze kandidati li pou Depite sikonskripsyon Môle-Saint-Nicolas, anba banyè platfòm politik « Solèy »,☀️li gen kòm kandida pou pòs Prezidan Etzer Emile. M. Fertil ki souvan ap pran pozisyon sou yon seri dosye politik an Ayiti,🇭🇹fè konnen li chwazi platfòm politik sa a, se paske diskou lap vann nan ale sou menm liy ak estrikti politik sa a. « Kòm jèn gason, nou deside angaje nou pou pote kontribisyon pa nou nan chanje fason politik ap fèt nan peyi a », se sa kandida a deklare. Nap raple, daprè dènye kalandriye Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye, premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislativ yo ap dewoule 18 jiyè 2027 | LSV
Ou gen dwa pa dakò ak metòd Bukele yo. Ou gen dwa enkyete w pou lavi inosan ki ka viktim nan operasyon kont gang yo. Se yon enkyetid ki lejitim.
Men, lè w ap denonse risk pou inosan viktim nan operasyon sa yo, pandan w pa janm mande bandi yo depoze zam, rann tèt yo epi sispann teworize popilasyon an, ou aji an pwotektè bandi. Ou nan gang nan tou.
Lavi inosan yo pa sèlman an danje lè fòs sekirite yo ap fè operasyon. Depi lontan, se chak jou gang yo ap touye, kidnape, vyole, dechouke moun lakay yo epi simen laterè nan mitan popilasyon an.
Yon moun oswa yon enstitisyon k ap pran lapawòl, k ap pibliye kominike nan non pwoteksyon lavi inosan, ta dwe gen menm fòs ak menm detèminasyon pou denonse egzistans ak zak gang yo, pou mande yo depoze zam, rann tèt yo epi reponn devan lajistis pou krim yo komèt.
Ou pa ka fè pwoteksyon lavi inosan tounen yon prensip ou defann sèlman lè se operasyon kont gang yo k ap fèt.
Mpanse fok nou al nan rasin bagay yo tou wi pou sa pa rive ankò paske gen anpil nan yo ki se viktim vre
Nou gen yon sosyete ki bati sou
Ekskilzyon eka sosyal la twòp
Gen anpil moun nou f tankou nou pa wè yo tankou yo pa egziste
Se yo ki danje a jodia
Lè nèg bandi yo ap di yo se viktim nan sosyete a, m ta renmen konnen ki jan yo viktim.
Yon nèg viktim gen yon plizyè gwo kay, l ap vòlè jan l vle.
Sa k dwòl la se sitwayen ki travay yo touye pou yo pran byen yo.
M pap tande pawòl sa yo ankò nan bouch gang.