Program Biden 🇺🇸🇺🇸/ Gen yon zanmi mwen ki di mwen ke yon sponsò di li ke yo pa bay avantaj sosyal sa yo nan tout state nan usa , tankou Médical Assistance / SNAP / Cash Assistance. Pou lòt moun ki kapab tande yon moun di li sa , se pa vre ditou , avantaj sa yo disponib tout kote, lè ou Ap travay ou ka deside koupe yo .
Lò t bagay ankò sponsò ou rete Florida , ou antre nan Biden ou kapab deside viv New York e ou kapab ranpli kat travay ou sou yon adrès New York. @USEmbassyHaiti te reponn kesyon sa ou pa oblije rete menm kote Ak Sponsò a . Depi lè ou konfime ou genyen sa ki rele A-number . Depiw Antre Tout sa ou pwal jere ak Imigrasyon se ak nimewo sa ou pwal sèvi tankou kat travay /Rezidans ,sosyal etc .
Sponsò yo bay anpil manti , genyen ki di moun ayiti ke Uscis touche pou aplikasyon an , se pa vre ditou . @USCIS mete enfo sa sou paj li tou , ke fò m nan ranpli gratis .
Pa Bliye si ou Ap soti ayiti , ou Ap antre USA nan program Biden nan Mache Ak yon 410$ 🇺🇸 si tout fwa ou pap gen moun pou ki ba ou kòb sa usa , pou fi l kat travay ou . Kòb sa li menm Uscis pa negosye li , konsa gen kèk moun ki itilize teknik òganizasyon pou yo pa peye li. Men si ke ou rive sou program nan se ou menm ki Al fil li ,se 410$ pri a ye