Pa di ou pat konnen.Tout imaj bidon dlo ak alimèt ki gen foto MJC sou li yo te la depi kanpay 2016. Pitit Dessalines distribye tant, pwela, rad,kad sèlman.Nou pa distribye ni dlo ni alimèt.Foto sa yo pibliye nan yon kontèks kominikasyon jilèt bouyi pou rachonnen po do amatè.
Pa di ou pat konnen
Pèsonaj Bòs Madichon an pa gen tweeter
Li pa fè okenn tweet pou reponn Avokapèpla Me André Michel.
Se yon fo Bòs Madichon ki ap fè fo mouvman...
Se nou menm Jacques Adler Jean Pierre ki kreye Pèsonaj Bòs Madichon an (ansanm) sou demann Yvenert F Joseph.
Pa di ou pat konnen
Bandi ak Lapolis pote menm inifòm
Bay moun tèt yo.
Se ak inifòm lapolis la wi pèp la konn wè nap fè distribisyon manje ak Babekyou ba delma...
Pa di ou pat konnen
Paske moun Jacmel di yo pa nan referandòm
PHTK fache yo tire awotèdòm
Moun Jacmel fache pi rèD yo di chakòmennòm...
Millitan Jacmel yo respè
Jiskatè...
Pa di ou pat konnen jodi dimanch 30 me 2021 an
Mwen wete chapo jiskatè nan non Klè Erez, Katrin Flon, Grann Gitonn, Manbo Inan...pou mwen salouwe tout manman lajounen jodi kap trimen anba grif rejim phtk ki koupe lalwèt ki twonse trip tout manman ayisyen nan kidnapin ak lòt zak
Dites aux hommes politiques d'enlever le nom du peuple dans leurs business. Car on a tout compris. Ils nous utilisent comme des animaux dans des conditions qu'on déplorent. Ils allument le feu, ils l'activent, et après ils viennent jouer aux pompiers.Merci Tiken Jah Fakolly. EWA
Pa di ou pat konnen, map gade pou m wè si tout moun nan peyi a ap kite yon ti gwoup atoufè fè sa yo pito ak peyi a, lè yo fin devore tout richès, yo dechèpiye tout fanmi nan kidnapin, jouk pou yo ta rive chanje konstitisyon 87 la, pou yo fè referandòm... kou sa a pase, Ayiti fini