M pat janm mete nan tèt mwen Ayiti pral fini premye nan gwoup la ni al chanpyon Mondyal. Men m te swete wè yon ekip konpetitif, ki make listwa nan fè gòl ak pran pwen nan tounwa a.
Aprè 2 match, nou deja elimine epi yon antrenè ap fèm konprann li nòmal, paske m pat jwe konpetisyon an depi 52 lane.
E Cap Vert ak Curaçao k ap patisipe pou premye fwa a ? Nou gen plizyè jwè k ap evolye nan pi wo nivo ke yo wi.
Kot anbisyon pa nou menm ?
M gon lòt bagay nan lespri m ki anpeche m rete an pè… 🙂↔️
Anpil respè pou Pierrot, se yon jwè ki itil nou anpil.
Men nan ki foutbòl, jounen jodi a, pou m titilarize misye sèl devan an epi m kite Wilson Isidor ak Lenny Joseph sou ban an ? 🤔