@carelpedre@rutshelle Li pa janm lòt Jan Pou kèlkeswa ekip ki gen anbisyon avanse. Tout moun ki gen konpetans nan domèn lan wè se yon katastròf. Avan echèk lan, tout bagay te piblik. Malgre sa Migne te pito fè prèv de awogans lan. Mwen panse Pou yon moun grandi fòw aksepte aprann.
🔵🔴Alo bonjou! Mwen ap pataje avèw emisyon yè swa ki t ap analize gwo pwoblèm ki bloke devlopman agrikilti an Ayiti e ki fè li poko ka bay peyi a manje nòmalman.🇭🇹 Klike lyen YouTube sa pou gade epi pataje l ak lòt. Mèsi. 🔵🔴
https://t.co/NN279WfQv7
🎓 DIPLÒM PWOFESYONÈL NAN MAKETIN DIJITAL avèk platfòm KAWA
Ou vle metrize maketin dijital pou devlope biznis ou, jwenn plis kliyan, oswa travay kòm freelancer? Fòmasyon sa ap ede w aprann tout estrateji modèn yo pou reyisi nan mond dijital la.
Avèk pwofesè Etzer Emile
📅 Kou yo ap kòmanse: 30 Me kap vini la
💰 Pri: 7,000 Goud
Poukisa pwogram sa?
✅ Kawa bay yon Diplòm Pwofesyonèl ki rekonèt
✅ diplom sa ap baw Aksè ak opòtinite travay - Job Paw
✅ Sètifika : nan intelligence artificielle / Antreprenarya / ak Anplwayabilite
✅ Aprann ak yonn nan pi gwo ekspè nan domèn maketing an Ayiti
✅ Kreye biznis ou oswa travay kòm freelancer
✅ ap gen tou yon Seremoni gradiyasyon
📱 100% ANLIY — wap aprann depi lakay ou, nan jou ak nan lè ki bon pou ou.
⏳ Kouri pran plas ou nan kòwòt sa. 👇
👇 KLIKE NAN LYEN SA POU ENSKRI KOUNYE AN
https://t.co/zTQjMqp0bT
Oubyen, ale nan WhatsApp kounya voye yon mesaj bay nimewo sa epi wap ka resevwa lyen pou ka enskri : +509 5540 9650 💬📱📞
Èske w te konnen mwen menm Etzer Emile m se yon envestisè nan antrepriz Damesara_ca ❓ Jodi a mwen vini pale w sou opòtinite ou genyen pou ka envesti tou nan kad yon finansman kominotè Damesara_ca fèk lanse. Se okazyon ideyal pou w kontribiye nan kwasans yon biznis ayisyen 🇭🇹 nan dyaspora.
✅Siw bezwen konen kijanw pouw envesti?
✅Poukisa pouw envesti? Videyo sa se pou ou ‼️
Klike sou lyen sa pou plis enfòmasyon : https://t.co/LGkHcgf4u6
N'est patriote celui qui pille le trésor public.
N'est citoyen celui qui détourne les biens publics et collectifs.
N'est républicain celui qui porte atteinte à l'intégrité publique.
Aucune liberté, aucune égalité, aucune fraternité n'est possible avec cette corruption systématisée.
Dans nos rangs, point de traîtres. Sous notre DRAPEAU, point de corrompus. Car, toute l'âme du patriote haïtien rejette profondément la corruption.
🔵🔴Alo ! Klike lyen sa pou ka tande kèk konsèy pratik pou ede fanmi yo ak ti biznis yo fas ak fenomèn lavi chè a. 🛒📈💡M pale sou fason pou jere bidjè, depans yo 💰, epi pataje kèk estrateji 📈 ak moun ki gen biznis 📊. Mèsi.🔵🔴
https://t.co/RxcnQ8CMJF
“🇭🇹🇭🇹🇭🇹 Nou kenbe drapo nou ak fòs, fyète ak detèminasyon. Nou pran angajman pou n kontinye batay pou rann Ayiti granmoun tèt li e pou chak pitit tè a ka viv nan diyite ak pwosperite. BÒN FÈT DRAPO 🇭🇹🇭🇹🇭🇹
🔵🔴Nan emisyon aswè a, n ap pataje kèk konsèy pratik pou ede fanmi yo ak ti biznis yo fas ak fenomèn lavi chè a. 🛒📈💡Nou pral pale sou fason pou jere bidjè, depans yo 💰, epi pataje estrateji 📈 ak moun ki gen biznis 📊 pou ka pi byen jere aktivite ekonomik. Pita 7h pm, branche chanèl YouTube mwen, paj Facebook mwen, Télé Caraïbes ak divès radyo nan vil pwovens yo pou swiv Emisyon EDUCATION ECONOMIQUE. Pa rate l. Mèsi.🔵🔴
🔵🔴Dimanch ki te 26 avril ki sot pase a m te prezante yon konferans nan Eglise Baptiste Salem MEBSH nan Delma 83 sou defi ak responsabilite jenès la. Se te yon onè pou mwen pou m te pase bèl moman adorasyon sa ak pataj konesans ak tout manm legliz. Mèsi anpil Pasteur Mannius Thyma pou envitasyon an. 🔵🔴
🔵🔴M te onore pou pran lapawòl kòm konferansye 2 Me ki sot pase nan Limonad nan kad 7è edisyon Foire Agro-Gastronomique et Artisanale du Campus Henry Christophe de l'Université d'État d'Haiti. Se te yon bèl okazyon pou m te prezante visyon m sou sektè agrikòl peyi a. Mèsi tout moun ki te fè deplasman an. Konpliman e mèsi ak komite etidyan fakilte agwonomi an ki te pran inisyativ sa. 🔵🔴
Alo tout moun ! 29 Me kap vini la, mwen ap nan MONTRÉAL 🇨🇦 pou prezante yon konferans sou wòl dyaspora a nan rekonstriksyon Ayiti 🇭🇹. Yon aktivite Chambre de Commerce Haitienne du Canada ap òganize. Nap gen chans tou pou apresye pèfomans mizikal Jean Jean Roosevelt. Klike sou lyen sa pou ka rezève plas ou. Pataje enfo sa ak tout zanmi w ou konnen ki ap viv nan Montréal ak zòn ki pi pre yo. Map kontan wè nou. Mèsi.
📍 Montréal | 📅 29 mai 2026 à 18h
🎟️ Réservez votre place dès maintenant : Réserver sur Eventbrite
https://t.co/xNngeZ5WrC
🔵🔴 Pita nan kad Emisyon EDUCATION ECONOMIQUE N ap dekouvri kijan etidyan nan inivèsite SEED nan vil Okay 🇭🇹 ap fè pratik elvaj bèf 🐄, kochon 🐖, kabrit 🐐 ansanm ak jesyon poulaye 🐓 ak pwodiksyon ze 🥚 etc.. Videyo a montre teknik yo itilize, defi yo rankontre, ak opòtinite ki genyen nan sektè agrikòl la. Pa rate emisyon sa aswè a 7h sou chanèl YouTube mwen, Facebook ak Télé Caraïbes. 🔵🔴
#Elvaj #Agrikilti #Ayiti #Okay #PwodiksyonZe #Bèt #Farming #HaitiBecome #agriculture #egg #chicken #poultry #poulailler
🔵🔴 Se kalite lidèchip politik peyi a ki pral di kijan peyi a pral ye nan 5 an, nan 10 zan etc.. Se li ki bay oryantasyon. Se li ki ka deside sou refòm yo. Donk chanjman depann anpil sou kalite pwofil moun ki nan lidèchip politik. Gade sa epi pataje l. 🔵🔴
🔵🔴 M te kontan rankontre Agwonòm Pastè Frantz Clotaire ki se fondatè Inivèsite SEED nan vil Okay. Se yon inivèsite ki tou gen fèm agrikòl li anndan l e ki mete anpil aksan sou yon edikasyon pratik. Chak etidyan agwonomi depi nan premye ane resevwa yon moso tè pou l fè jaden e kòmanse fè revni. Gade l epi pataje. Mèsi. 🔵🔴 Ou ka gade tout rès emisyon an sou lyen YouTube sa : https://t.co/jOh1abhJMx
🔵🔴 Se yon onè pou m te patisipe dimanch 12 avril la nan seremoni kloti “Grande Convention Annuelle de la MEBSH”. Se te yon kokennchenn evenman ki reyini plizyè milye fidèl kretyen ki soti nan divès depatman peyi a. Tèm ane sa se te “De la poussière à la Gloire”. Nou kwè Ayiti gen pou l soti nan sitiyasyon pousyè li ye la pou l rive nan PWOSPERITE. Se te yon semèn konvansyon ranpli ak benediksyon. 🔵🔴
J'ai procédé au lancement d'un atelier de formation sur les entretiens efficaces et éthiques dans le cadre des enquêtes et la collecte d'informations destiné aux agents de la Task Force anti-corruption, des parquetiers, des cadres de la Cour des Comptes et du Contentieux administratif. Avec l'expertise de l'@UNODC, nous formons continuellement les enquêteurs afin de les rendre plus efficaces dans leur travail. Ce domaine étant spécialisé, cet effort doit être étendu dans toute la chaîne pénale, notamment auprès des juges qui sont appelés, dans leur indépendance à sauvegarder et à respecter, à apprécier et à décider, en pleine conscience et au nom de la République, sur des dossiers hautement techniques soumis par des structures d'enquêtes et d'investigations spécialisées. L'@ULCCHaiti pour sa part, continue sans vaciller, à tenir pour responsables ceux et celles qui portent atteinte à la probité.