Nenpòt jan yo vin rakonte’w istwa a , m garanti’w se mwen kap toujou move moun lan , se mwen kap toujou bèt nwa a .
Men pito se sa , m renmen sa menm !
Lanmou ki vin jwenn ou an , se li ou merite .
Yo renmen’w jan’w merite .
Pa plis - pa mwens .
Pa mande pou’w jwenn plis ke sa ki vin jwenn ou an ,wap parèt stipid nan je yo .
M se sèl grenn fanm ki pa janm mete nan tèt mw si mw ak yon gason kite,li pap janm ka jwenn yon pi bon moun pasem pou’l viv .
M pap janm fè ide sa menm pou rans !
Paskem konnen li gen yon sèl zam ki ka touyem sou plas,SE VIV BYEN FÈ KÈ’L KONTAN AK NOUVO MOUN SA KI NAN VI’L la 🙌
M se jan de moun ki ka gen plis ke 10ans zanmi avèw , ki pap chèche konn vi prive’w , ni antre fon nan koze’w ki pa konsène’m .
Limit ou banm lan , li map respekte pou jis nou ta rive pa zanmi ankò .
Se pa tout byen yon moun fè pou ou , ki fèt ak bon entansyon .
Gen byen yon moun fè pou ou li fè’l ak move entansyon menm pou lage’w nan kouri .
Vwale ke Bondje ak saw pa wè yo toujou kanpe pou ou , bagay yo toujou ranvèse an favè’w .
Moun okap pat janm landjèz vre ,
Paske’w mèt fou , ou mèt sote ponpe , ou pap janm konn tout vi prive yo ni tout sa yap regle . Yo toujou kite yon pati an rezèv ke’w pap janm ka okouran de li , menm si wap dòmi leve ake yo menm kote .