@richardsenecal Wouyyyyy 😀😀😀. On n'est pas sorti de l'auberge! Après un discours si poignant! Bon...si nap swiv byen se nan fè diskou nou pi fò! Zero koyerans!
Kòm senp sitwayen, lè m nan lòt peyi m konn jennen lè zanmi etranje ap poze m kè kesyon sou dosye #Ayiti.
Moun ki responsab yo menm, ofisyèl yo, kijan yo fè.
Se kapasite pou n wont nou pèdi oubyen nou sanwont natirèlman? Se pa posib
Sak Banm pwoblèm plis , leta mete ansanm, bandi mete ansanm , nou menm se goumen nap goumen ant nou menm , nap veye ki pozisyon sa te genyen, kiyès kite di kisa , kiyès ki pi entelijan?
On se demande où est le secteur privé haïtien. D’accord les choses sont dures mais… Vous n’auriez pas pu faire un effort? Première coupe du monde pour la sélection féminine. Des jeunes joueuses ayant tout l’avenir devant elles, avec une moyenne d’âge ne dépassant pas 23 ans. Une joueuse avec des possibilités de BO. La plupart des cadres ont été formées en Haïti.
Vous n’avez pas trouvé tout ça “vendable”?
Anpil fwa map poze tèt mwen kesyon poukisa nou oblije fè yon komantè sil pa pote ankenn nòt pozitif. Li telman difisil pou nou kenbe yon refleksyon pou nou? Mond la bezwen plis enèji pozitif
Yon bakòp polis sot kanpe machin nou sou wout Jakmèl la, yon polisye apwoche li salye nou ak yon jantiyès, li fè tchèk sou nou ak yon elegans ki anraje. Apre lè l konstate nou pa fè objè okenn enfraksyon, li di n: dezole si m ba nou yon ti reta, tout bagay anfòm. Nou mèt kontinye ak pridans. @pnh_officiel