🚨BREAKING NEWS🚨
Daprè rimè kap sikile, La FIFA ta menm vle anile patisipasyon seleksyon nasyonal la (Haïti🇭🇹) nan mondyal la😭
Paske @wendyyyytraka poko janm di anyn jispakrezan 😭
Si se anvan lis la te soti, li t ap toujou fè tò.
Nan okenn ka, ou paka di yon jwè ki te jwe yon gwo wòl nan kalifye ekip li pou Mondyal la, aprè plis ke 50 lane ke li pa gen plas li la nan optik pou ta enfliyanse lis definitif la.
Se pa tout fwa Matematik/prensip dwe aplike.
M panse n dwe montre plis tolerans anvè manm laprès Kote kritik ak lopinyon okipe yon bon pati nan travay yo.
Men san m pa gade si Pepe gen rezon ou pa nan dosye Bellegarde la m panse deklarasyon Pepe a pa vini nan yon bon moman. Si l te fè l avan yo pibliye lis definitiv la m tap panse l tap eseye enfliyanse lis la selon analiz li. Men ekip la fin monte deja diskou sa yo sitou pou yon jounalis nan dimansyon Pepe pa ede kenbe serenite ak amoni gwoup la. Li pa ka fè lòt bagay ke mete dife.
@LynnGedeon@JCarly91 W ap vann Ayiti tankou peyi moun pi 'happy' ke Etazini — yon minorite ki pa menm 5% kòm verite.
Lè w fè sa, ou panse se Ayiti w ap valorize, se Etazini w ap detrui, men w pa rann kont se dirijan kòwonpi nou yo w ap blanchi.
Car ce que femme veut, Dieu le veut. 📍
@LynnGedeon@JCarly91 Pafwa, m ap mande de ki Ayiti w ap pale.
Ki pousantaj moun Ayiti k ap travay e ki ka viv de travay yo pandan y ap pase tan ak fanmi ?
Se tankou w pran yon minorite, ou vle fè l pase pou majorite.
Epi, nou aji tankou yo mete n nan esklavaj ( nou paka tounen oubyen al lòt peyi).
Part 10
Ki vrè Pwoblèm TROUBLEBOY ?
KI fè pandan chak ane misye gon video kote Non Wendyyy nan bouch li,kote li di sa a plizyè Repriz "Li pa manje vyann kochon"..
KI MISYON misye,eske gon Senpati yon lòt jwenn,Li panse antanke ansyen Zanmi li ka jwenn li tou,Lap pèsevere ?
Kòrèk ! 💯
Lòt mesye a pa t menm bezwen ba li egzanp Lukaku a pou mete l nan ti soulye l.
Li te dwe mande l ki antrenè nan listwa ki pa t rele yon jwè ki te fini meyè bitè faz eliminatwa pou peyi li.
Depi nèg sa yo gen pwoblèm pèsonèl avè w, bon sans yo tou efase pou ou.
Kèk jwè ki nan yon sitiyasyon ki plizoumwen ak Nazon yo rele kan menm
1- Jan Rudy di a, Bèljik rele Lukaku ki kwè anviwon 60 minit foutbòl akòz blesi pandan sezon an.
2- Etazini rele Gio Reyna ki parèt nan apèn 8 match sou kat dènye mwa yo, tout soti sou ban
3- Ostrali rele Harry Soutar ki jwe 2 match nan fen sezon an aprè l sot fè 2 lane blese
4- Angletè rele John Stones ki jwe sèlman 155 minit depi mwa Janvye a