Chak jou nan lavi'w dwe yon nouvo jou pou ou.🤗
Avan menm ou desann kabann ou, fikse tèt ou yon objektif pou jounen an.🙌
E lè w pral dòmi, gade fason ou reyalize yo, e sa dwe motive'w.💪
Pa bliye ou pap janm viv yon jou kou jodia ankò.🌹
Senserite se🗝 kle konfyans, e konfyans se pòt Konpreyansyon'w. Mwen plis kwè ke Konpreyansyon, se solisyon pwoblèm koup yo. Travay pou sa e tout sa ap fini pa 👫 bonè.🌹
Nou dwe pwoteje relasyon nou gen ak Bondje. Se bagay ki gen plis valè nou genyen. Kidonk nou dwe evite byen ak kèlkeswa moun ki ka fè lafwa nou vin fèb e ki ka gen yon move efè sou relasyon nou ak Bondye.🙏...🌹
Lanmou ta sipoze resipwòk
Se pa yon sèl moun ki pou pwouve'l
Pafwa se pa sa w'ap bay moun lan non ki enpòtan 💐💵💳🏢🚘
M’en Ti sousi ou pra'l fè pou li le'l malad la.😥
Ti atansyon an. 🤗
Met sa nan tet nou!!! gen moun ki pap di nou anyen men l'ap swiv.🌹
Fè atansyon Dk
Pran swen’w 😊lave men'w🙏🏻evite ret pre moun lè y'ap🗣 pale 🙏🏻évite an kontak 🤝a tut moun🙏🏻konsa ma va kontinye pale avè'w 😊kontinye bay blag avè'w 🤗m renmen'w🌹
#LetaAyisyen mande moun fèmen tout bgy pib. ret lakay yo,men ak kisa yo pral ret lakay yo a?😥 Anpil moun ap ht bokit dlo jiskaprezan, e moun ki pa janm travay yo kisa nou di ak yo?🤷���♂️ Malere(èz) ki konte sou lavant jounalye pou antre lakay ak yon brase bouch la kisa'n di yo fè?😟
Souvan fwa nou eseye bliye pase nou paske remò konn ap toumante lespri'n. Men konnen ke chak sa ou fè ki mal konsekans lan ap grav.
Poutan lavi rezève yon pakèt bèl bgy pou nou e ke nou refize kwè ke sa nou bezwen an jis devan je'n. Tandiske sèl moun ki ka repare erèw yo se ou.🌹
Pou'w konn lè yon moun zanmi'w ou sipoze swiv anpil bagay nan li. Èske l'ap toujou la lè'w tris, solitè, lèw santi'w abandone? Li sipoze la pou'l baw le bra. Li dwe la nan soufrans ou nan moman tenèb, li sipoze monte moral ou. Zanmi pa fèt pa pitye men pito pa konesans.🌹
Pafwa pwoblèm konn tèlman anvayi'w ou konn anvi fou😟🤯, genyen ki konn menm arive tiye tèt yo. Men m'ap fè nou konnen ke pwoblèm ou,se ou ki pou jere'l alkòl🥃 paka jere'l e pèsonn paka jere'l ke ou. Lavi pa kout chans men se ou ki pou travay di pou rezilta ke'w atann de li a.🌹
Echèk pa sipoze yon rezon pou'w fè bak ni pou'w abandone, okontrè li sipoze sevi'w leson pou'w pa refè menm erè yo le'w pral rekòmanse paske li pa ekri okenn koté ke siksè ak reyisit se yon bagay ki fasil! Plis motivasyon, plis detèminasyon epi chita tann rezilta.🌹
Trè souvan nou pran desizyon ke nou panse ki aranje kè, poutan ki deranje tèt men sonje se kè ki pwopaje san bay tout kò a vre men se tèt ki bay kè lòd pou kontrakte e distribiye san. Saw vle ? Veso a oubyen manje a 🤷♂️....🌹
Pou'w asire ke w'ap fè yon bagay ki bon,ki onèt 🤔 mande kèk ayisyen: ou wè sam fè a bon? 🙄 depi yo diw: ou toujou gen foli fè grimas 😏.👉 ou mèt kontinye sa w'ap fè a wi paske se fason pa yo sa pou ankouraje'w 🙋♂️😕 hmmmmm.🌹
Tafa yon Atis ke'm ap tande lontan sa ak D-Fi powèt revòlte.
Mt toujou kwè ke'w ap rive kote'w sipoze rive a men wout la long
Detèminasyon, Pasyans
M konnen gen anpil Anfas. Menm si lavi a vay ke vay fòk ou chante 🙌 e fòk ou rive @SoleilTafa_ .🌹
Anpil moun panse ke se lè yo fè naj yo pè yo yap genyenl pou yo. ben non!!! Lanmou pa mache ak presyon se ti rale mennen vini, ti erè padone epiw kontinye viv ak naj ou.
Lanmou kout baton pa lanmou konnen li ka aksepte 2 3 fwa men pa pou toutan.🌹
Gen kèk moun ki panse lè yo aji selon sa yo santi, se konsa yo koute konsyans yo. Yo panse yo ka fè sa yo vle depi yo santi yo byen apre yo fin fèl men, santiman nou yo pa toujou bon, yo ka twonpe nou. Yo ka tèlman fò yo ka gen efè sou konsyans nou.🌹
Se pa sèlman 🧑gason ki ka koze yon fi👩, fi k fè'l tou. Koz li gen san k'ap koule nan venn li, li gen dwa pou'l esplike sal resanti. nou menm gason pa pran sa mal, pou na'p di yo se bouzen pou sa. Se paske li renmen'w ki fel ka koze'w, Mesye evite jwe ak santiman yo tou.🌹
Mezanmi Grann mw apèn konfime'm ke ta sanble bato ki gen moun ki gen Corona virus la port-salut vre.e yo etèn tout limyè yo pou moun pa gen kontwòl yo.
Gen polis ki sou plaj la aktyèlman
Grann mw prezan tou Paske c Anfas plaj la kay li ye. Tout moun ap veye 😔😔😥😰
Lavi se yon siksesyon evenman ki rele Batay pa gen moun kap fè saw dwe fè pi byen ke ou. Si tout fwa gen yon moun ki vin ede'w se yon bonis moun renmen ede moun ki ede tèt yo. Ex: yon machin🚗 anpan nan mitan lari e chofè a ap eseye pouse'l poukòl lap jwenn anpil moun edel.🌹