Gen anpil pale sou kesyon tès ADN. Gen yon gwoup moun ki di li nesesè paske gen twòp move bagay k ap pase, oswa paske nou nan yon jenerasyon ki gen pye lejè Pou yo fè tès ADN se yon obligasyon.
Men, yo bliye gen yon moun ki sot pote yon tibebe pou yo.
Si ou gen yon opinyon w sou tès ADN, pale sou sa depi nan kòmansman relasyon an, pou nou toude konnen ki jan nou wè kesyon an. Men, si nou bati yon relasyon kote pa t janm gen yon atmosfè dout, epi lè madanm ou oswa mennaj ou fin akouche ou gade l epi ou di l ou vle fè yon tes.
Mwen vle nou konprann tou se pa paske jenerasyon an vin pi pa bon. Avèk mondyalizasyon ak rezo sosyal yo, nou jis pi ekspoze. Anvan, ou te konn sa k ap pase lakay ou, lakay kèk vwazen, ou nan katye a. Jodi a ou gen aksè pou w konnen sa kap pase sou lòt kontinan an tan reyèl
Yo bliye reflechi sou sa moun sa a ka santi lè, san okenn rezon ki montre dout, yo mande yon tès ADN sèlman pou konfime si timoun nan se pitit yo. Wi, se yon dwa yon moun genyen. Men dwa pa retire konsekans emosyonèl yon aksyon ka genyen.