Polis Nasyonal Dayiti anonse arestasyon Rousseau Louissaint, ayè jedi 13 janvye a, nan komin Kwadèboukè. Yo prezante li kòm youn nan manm gang 400 mawozo lanmò 100 jou ap dirije.Rousseau Louissaint enplike nan anpil ka asasina ak anlèvman
Sikilasyon otomobil te konplètman paralize byen bonè jodi 14 janvye a, sou wout nasyonal nimewo 1 an nan zòn Pon Sonde. Moun nan zòn nan te mete barikad sou wout la pou egzije otorite yo konstwi kanal irigasyon pou wouze tè yo ke bandi lokalite Savyen te sabote
Kèk gran vil nan peyi Brezil tankou Rio de Janeiro, São Paulo, Salvador, Olinda anile festivite kanavalèsk yo ki konn fèt nan lari, paske yo pè pou viris Omikwon an ki se yon nouvo varyan Kowonaviris la pa pwopaje pi plis. Se yon gwo desizyon paske kanaval Brezil atire anpil moun
Ensolit 🔴⚪
Yon mànken sou Instagram revele pandan l te fin fè bagay ak Drake. L al pran espèm nan pou l mete nan pati entim li, li pran nan piman paske Drake ta mete tabasko nan kapòt la ki te nan poubèl.
Genyen 6 mil fanmi ki toujou ap viv anba tant nan depatman Sid peyi an dapre responsab Pwoteksyon Sivil nan depatman sa nan yon entèviyou li te akòde @zoom_haiti Moun sa yo se viktim tranbleman tè 14 dawout 2021 an.
Yon moun mouri, plis pase 20 lòt blese se bilan yon aksidan sikilasyon ki fèt nan komin Aken(Aquin). Aksidan sa rive pandan yon kamyon ki ap soti Pòtoprens al frape avèk yon lòt machin. Chofè ti machin lan mouri nan lopital Aken an kote yo te mennen li ansanm ak lòt blese yo.
🔴⚪
🇭🇹 : Asasina Jovenel Moïse
Jij Garry Orélien pase lòd pou libere 4 polisye ki te arete nan kad zak sasinay sou Jovenel Moïse. Nou aprann tou, pral gen arestasyon nan jou k ap vini la yo.
Pou pi piti 7 moun mouri, plizyè lòt blese nan afwontman ant gang ame jodi 2 janvye an. San pa sispann koule nan “katye cho” yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens. Dram sa pase Ba Dèlma nan zòn Mayard, Delma 2, 4 ak 6. Alabaz sitiyasyon sa se yon kesyon lajan fèt fen ane k mal separe
Enspektè polis Dan Jerry Toussaint mouri Laboule 12 ayè 1e janvye an pandan yon operasyon Lapolis t ap mennen nan komin Petyonvil. Se yon gangstè ki gen ti non “Ti makak” ki tire de bal sou li pandan operasyon sa ki te gen pou objektif deloje gang sa k ap simen latwoublay Fessard
3 moun mouri, plizyè lòt blese nan yon aksidan sikilasyon nan zòn Leyogàn. Yon ti bis ki ap soti Pestèl pou rantre Pòtoprens antre an kolizyon avèk yon kamyonèt plis de moto. Aksidan sa rive nan moman chofè ti bis la t ap eseye evite yon moto dapre @zoom_haiti
Lisette Gouff, se non yon jenn fanm 30 lane bandi ak zam tire nan biznis li nan Petyonvil ayè mèkredi an. Viktim lan te resevwa plizyè bal, li mouri nan lopital Kanape Vè kote li t ap pran swen apre atak la. Sous: @zoom_haiti
🔴⚪
🇭🇹 : Vèsyon @mboute nan se pou fè fas ak enflasyon an ki lakoz ogmantasyon pri sou retrè yo
Vèsyon @DigicelHT, se paske yo bay anpil avantaj.
#Haiti
@Damendy_X @Batay_Jiskobou @Stop_Koripsyon Bonsoir Damedy, personne est malhonnête.
@DigicelHT est obligé de faire cette ajustement à fin de faire face a l’inflation de nos coûts.
Aussi, ces nouveaux frai sont moins chers que les maisons de transfert pour 95% des transactions! 🙏🏻
🔴⚪
🇭🇹 : Pèp Ayisyen rele chalbare dèyè konpayi telefonik DIGICEL ki pran desizyon pou monte pri retrè li yo disèt wotè.
Men ansyen ak nouvo tarif 👇🏿👇🏿👇🏿