Ta sanble biznis #kidnapping nèg yo relouvri pòtoprens, kidonk pran anpil prekosyon tande timoun.
•MÈK KÒ VEYE KÒ.
•ATANSYON PA KAPON.
•CHAK MOUN DANSE GAD NAN MAKOUT OU.
Sa k bèl nan foutbòl
se leu ou pran yon blo
ou pran yon dezyèm
ou dekouraje
ou wè w ap pèdi mal.
Epi ou leve tèt ou
ou di boul la won
pou nou tout match la poko fini
ou mare karaktè w
ou lage tout vi w
nan batay la
epi ou kale.
Pa gen pi bèl viktwa.
Ayiti m fou pou w 🇭🇹
Al met kè kontan nou sou kont moun
Nap sezi wè jan lavi nou ap mizerab
Ou sipoze kontan ak tèt ou, se pa entèl ki pou fè kèw kontan ☺️
Se Sak fè dèfwa nou anvi mouri sou kont entèl la wi, nou kitel dirije kè kontan nou 😏
Avan’w bay tèt ou PWOBLÈM pou OPINYON yon moun genyen de ou, tcheke pou’w wè si opinyon’l lan ka achte rad met sou ou oubyen si’l ka ba’w manje. Sinon, pa menm pèdi tan’w al pete nan koton blan ba’l santi...LI PA VO LAPÈN! 🧐