#Resources: Anpil timoun vini nan pwogram lan ak paran yo oubyen yon gadyen. Timoun sa yo dwe kontinye ale lekòl primè jiskaske yo janbe nan lòt nivo. 𝐅è 𝟕 𝐛𝐚𝐠𝐚𝐲 𝐬𝐚 𝐲𝐨 𝐞𝐩𝐢 𝐭𝐢𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐲𝐨 𝐩𝐫𝐚𝐥𝐞 𝐥𝐞𝐤ò𝐥 𝐬è𝐦𝐞𝐧𝐧 𝐬𝐚:
Avan tou, ane timoun lan fèt lan ak kote lap viv lan detèmine ki kote li prale lekòl.
Ki papye wap bezwen pou enskri timoun lan lekòl?
✔️ Proof of residency: Wap bezwen yon papye ki pwouve timoun lan ap viv lakay ou, yon papye tankou kontra kay la, papye bank, yon bill ki vini nan adrès la, se youn ou lòt.
✔️ Proof of age: Fòk ou pwouve laj Tijan , pote ak de nesans li oubyen paspò li, pa bliye mache ak papye “Immunization” li ki bay detay sou sante li.
✔️ Si w mache ak prèv ou poko ap travay oubyen ou poko ap fè gwo kòb, sa ap ede Tijan jwenn manje gratis ou pap bezwen pote bwat jan w konn ap fè l kay Amédée.
✔️ Pa bliye menm lè lekòl la kòmanse 2 semenn de sa kèk kote, Tijan te mèt sòti Pòtoprens aswè a, depi w gentan fè oubyen genyen papye m sot site yo prè ou mèt mennen l lekòl Lendi.
Nou tout konnen Tijan pale Kreyòl ak Fransè, sa pa pwoblèm, enfòme sa lekòl la, yap mete l nan yon “Bilingual Education Pwogram” oubyen jwenn èd tradiksyon jiskaske l pale anglè.( sa varye, pwofesè yo konn mete yo nan klas la epi jwenn tradiksyon pou yo)
Pa gen machin pou mennen Tijan lekòl? Sa pa pwoblèm, pandan enskrisyon an di sa nan lekòl la yap detemine kote w rete a epi “bus” pral pase pran Tijan mennen l lekòl.
Antouka , pa bliye moun pa kenbe timoun nan kay isi depi li gen laj pou ale lekòl, klike sou lyen sa, 👉https://t.co/Q0xSdAjqp0 rantre “zip code “ ou epi wap jwenn lekòl ki pi prè lakay ou an.
Si w twouve pòs sa kapab ede timoun yo ale lekòl sitou ak paran yo ki poko konnen sa pou yo fè, pataje l, kòmante epi “like.”
#School #Fall2023
@BendjouEagle @LuckNews88@BFMTV Sak rele aprann avan nou pale a nou pa konn sa, mw kwe u gn yon telfn intelligent nan menw chache sak koz gè a apre wa vin komante pos moun